Chanjman Adrès Nan Konte Miami-Dade
Kounyeya, tout votè ki enskri nan Konte Miami-Dade kapab chanje adrès yo sèlman pa imèl, faks, oubyen telefòn. Pou kapab fè chanjman sa a, w fèt pou enkli enfòmasyon ki swiv yo:
- Non Konplè (Non, Lòt Non, ak Siyati)
- Nouvo Adrès Kay la
- Nouvo Adrès Postal (si li diferan)
- Dat Nesans
Telefòn: 305-499-8363
Imèl: Administratè Sit Entènèt
Faks: 305-499-8371
Èske wap bwote ale nan yon nouvò konte Florid oubyen w sòti nan yon lòt konte pou vini nan Miami-Dade?
Se pou w konnen ke demenaje de yon Konte Florid a yon lòt konte Florid mande pou w ranpli yon nouvo Fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè.
Non ak/oswa Chanjman Pati Politik
Tanpri note kounyeya yo egzije yon nouvò Fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè pou kalite chanjman sa yo.
Pou chanje non ak/oswa pati politik w, Lwa Eta a egzije yon siyati orijinal sou dokiman an. Ki vle di, yo PAP asepte chanjman pa Faks oswa Imèl!
Lè w chanje adrès, lalwa egzije adrès lakay w. Si w bay nenpòt kalite adrès sèvis lapòs, bwat postal, oubyen adrès biznis, yo pap asepte chanjman an, epitou sa kab lakòz ke yo pa asepte enskripsyon w lan epi sa gen dwa lakòz tou pou yo pa pwosede ak enskripsyon w lan a tan pou yon eleksyon. Bwat postal yo ak lòt adrès biznis yo kapab asepte kòm adrès pou resevwa lapòs.
Fòm Aplikasyon pou Enskripsyon Votè la Florid
|