Service Center | County Agencies | County Hall
 
space
Elections
Text Size:
  • Reset
  •   
  • Big
  •   
  • Bigger
  • Home | Enskripsyon Votè | Vote | Nouvèl ak Aktivite yo | Ofisyèl Gouvènman yo | Contact Us | miamidade.gov
    space
    space
    Enskripsyon Votè space
  • Enskri pou Vote
  • Ranplasman Kat Enfòmasyon Votè
  • Chanjman nan Enskripsyon yo
  • space
    Vote space
  • Kijan pou Vote
  • Videyo Aprann Kijan pou Vote
  • Kikote pou Vote
  • Sa pou Pote
  • Bilten Vòt Pa Korespondans
  • Lokal pou Vote Pi Bonè
  • Echantiyon Bilten Vòt yo
  • space
    Nouvèl ak Aktivite yo space
  • Kalandriye Eleksyon yo
  • Pwogram Konsètasyon Votè yo
  • Nòt Deprès yo
  • space
    Ofisyèl Gouvènman yo space
  • Kijan pou Poze Kandidati w
  • Ofisyèl Eli yo
  • Lis Kandida yo/Komite yo
  • Devwale Finans yo
  • Djòb sou Kote
  • space
    space space
    Print Print Email Email Helpful? Helpful?
    space
    space

    English | Español

    space
    Enskri pou Vote

    Li enfòmasyon ki anba la a pou aprann kijan w kapab enskri pou vote nan Konte Miami-Dade.


    Kiyès ki kab enskri pou vote:
    • Minè kalifye yo kapab enskri davans pou vote a laj 17 an osinon resevwa yon Lisans Kondwi Eta Flodid ki valid, nenpòt sa ki fèt anvan an;
    • W fèt pou sitwayen Lèzetazini;
    • W fèt pou abite nan Konte Miami-Dade.  Yo defini ankenn tan depi ke w abite isit la anvan pou kapab enskri w pou vote.

    ^PI WO

    Kiyès ki pa kab enskri pou vote:

    • Nenpòt kiyès ki pa ranpli egzijans sa yo pi wo la a;
    • Nenpòt kiyès ke yo te deklare  "malad mantal" epi yo pa reyenstore dwa li yo.
    • Nenpòt kiyès ki te kondane de yon gwo krim ke yo pa reyenstore dwa sivil li yo.

    ^PI WO

    Kijan pou enskri pou vote:

    • Enskri pou vote se yon dwa liye.  Li disponib pou tout moun ki ranpli egzijans sa yo. Nan Konte Miami-Dade gen anpil ajans ofisyèl kote w kab al enskri an pèsòn oubyen pran fòm enskripsyon votè yo :
    • Si w bezwen plis enfòmasyon sou ajans ki pi pre a, oswa si w ta renmen resevwa fòm la pa lapòs, kontakte biwo nou yo nenpòt ki jou la semenn ant 8 a.m. (di maten) ak 5 p.m. (di swa), nan 305-499-8363.
    • Lè w enskri w pou vote, lalwa egzije adrès lakay w.  Si w bay nenpòt kalite adrès sèvis lapòs, bwat postal, oubyen adrès biznis, yo pap asepte chanjman an, epitou sa kab lakòz ke yo pa asepte enskripsyon w lan epi sa gen dwa lakòz tou pou yo pa pwosede ak enskripsyon w lan a tan pou yon eleksyon.  Bwat postal yo ak lòt adrès biznis yo kapab asepte kòm adrès pou resevwa lapòs.
    • W kab enskri w sou entènèt ak Fòm Aplikasyon pou Enskripsyon Votè ke Depatman Eleksyon Eta Florid founi. Tape enfòmasyon w an sou fòm la epi enprime'l, oswa w kab enprimel anvan epi ranpli enfòmasyon an a la men.  Lè w fin ranpli fòm la, tanpri siyen li, epi voye fòm tou siyen an bay :

    Supervisor of Elections
    P.O. Box 521550
    Miami, Florida 33152

    ^PI WO

    Dat Limit pou Enskripsyon (Fèmti Liv Rejis yo):

    Enskripsyon fèmen 29 jou anvan yon pwochen eleksyon (dat Fèmti Liv Rejis).  Pou kalifye pou vote, se pou nou resevwa Fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè w la nan youn nan fason sa yo:

    • Ale an pèsòn nan Depatman Eleksyon an oswa nenpòt ki lòt ajans ofisyèl pa pi ta ke dat fèmti liv rejis la;
    • Voyel pa lapòs epi se pou so lapòs la pa pita ke dat fèmti liv la.

    ^PI WO

    Fòm Aplikasyon pou Enskripsyon Votè:

    • Nan sèten lokal yap kenbe aplikasyon yo epi livre yo bay Depatman Eleksyon an.
    • Se pou yo soumèt Fòm Aplikasyon Enskripsyon Votè yo nan lokal enskripsyon an omwen 29 jou anvan eleksyon an pou yo kab an règ ak dat limit fèmti liv rejis la.

    Pou plis enfòmasyon kontakte biwo nou nan 305-499-8363.

    ^PI WO

    space
    Si w pa kapab li dosye PDF Get Acrobat! la, ou kapab ale nan Acrobat Reader  gratis de Sistèm Adobe, Inc. lan. Pou w kapab sèvi ak dosye PDF yo, w fèt pou genyen Acrobat enstale sou konpitè w lan.
    space
    space
    Resous Adisyonèl yo
    space
    Kontakte Nou


    Imèl Eleksyon

    Demann Dosye Piblik

    Biwo Santral:
    2700 NW 87th Ave.
    Miami, FL. 33172

    Biwo
    305-499-VOTE (8683)

    Nimewo TTY
    305-499-8480

    Faks
    305-499-8547

    Sikisal:
    Sant Enfòmasyon Votè (VIC)
    Stephen P. Clark Center
    111 NW 1st Street,
    Suite #112
    Miami, FL. 33128
    (1st Floor, West Lobby)

    Biwo
    305-375-5553

    Faks
    305-375-2525

    plis

    space
    space
    space
    space
    Home  |  Privacy Statement  |  Disclaimer  |  Using Our Site  |  About Us  |  Phone Directory  |  Contact Us
    © 2008 Miami-Dade County. All rights reserved.
    Miami-Dade County Logo