miamidade.gov | Departments | Government
 
space
Elections
Text Size:
  • Reset
  •   
  • Big
  •   
  • Bigger
  • Home | Enfòmasyon pou | Enskripsyon | Fason pou Vote | Sistèm Vòt | Sal Medya | Contact Us | miamidade.gov
    space
    space
    Enfòmasyon pou space
  • Kandida yo ak Komite yo
  • Travayè Biwo Vòt yo
  • Votè yo
  • Votè ak Bezwen Espesyal
  • space
    Enskripsyon space
  • Elijibilite
  • Kouman pou Enskri
  • Dat Limit Enskripsyon
  • Chanjman nan Enskripsyon yo
  • Kat Enfòmasyon Votè
  • space
    Fason pou Vote space
  • Vote pi Bonè
  • Vote pa Korespondans
  • Pou Vote nan Jou Eleksyon
  • Bilten Vòt Pwovizwa
  • space
    Sistèm Vòt space
  • Deskripsyon Nouvo Sistèm Vòt
  • Demonstrasyon sou Videyo
  • space
    Sal Medya space
  • Kalandriye Elektoral
  • Rezilta Eleksyon
  • Pwogram Asistans Kòminotè
  • Ofisyèl Eli yo
  • Rapò Finansye
  • Djòb sou Kote
  • Nòt Deprès yo
  • Resous Adisyonèl yo
  • space
    space space
    Print Print Email this page E-mail Page Contact Webmaster Contact Webmaster Bookmark and Share
    space
    space

      

    space
    Deskripsyon Nouvo Sistèm Vòt

    Konvèsyon Ekipman

    Premye eleksyon pou tout Konte an ki te sèvi ak nouvo ekipman vòt eskanè optik yo te fèt nan Eleksyon Primè 26 dawout 2008 la.

    Yon dekrè lwa Eta Laflorid egzije pou tout 67 konte yo nan Eta a sèvi ak ekipman eskanè optik pou tout eleksyon yo, efektif 1 jiyè 2008.  Lè sa fèt, 14 konte, enkli Miami-Dade, fè tranzisyon an pou sistèm vòt eskanè optik la.  Pou Eleksyon Primè 26 dawout la, votè yo nan Konte Miami-Dade te sèvi ak sistèm vòt eskanè optik baze sou papye an. Yap toujou kenbe aparèy vòt manyen ekran ADA yo (iVotronics) pou moun ki gen enfimite yo.

    Konvèsyon a teknoloji eskanè optik la sòti de enkyetid votè yo, gwoup aktivis yo ak ofisyèl eleksyon yo ki prefere metòd baze sou papye an olye ke metòd elektwonik yo. Yo sipoze li va bati konfyans votè yo kòm ap genyen yon rejis sou papye verifyab de votè yo.

    Deskripsyon

    Eta a pase yon dekrè lwa ki egzije pou tout konte yo ki tap sèvi ak ekipman vòt manyen ekran (òdinatè) konvèti a yon sistèm eskanè optik (bilten vòt an papye). Premye fwa yo te sèvi ak ekipman sa a nan Konte Miami-Dade se te nan Eleksyon Primè 26 dawout la. Kanpay sa a pral konsantre sou preparasyon nesesè yo, trening anplwaye biwo vòt yo, re-edike votè yo epi yon konsètasyon kontinyèl toupatou nan kominote an.

    Jou Eleksyon an yap ba w yon bilten vòt an papye epi yap akonpaye w nan yon izolwa pou revize epi make chwa w yo nan byen fonse lanmitan ti wonn ki akote sa wap chwazi a sou bilten vòt la. Apre ke w fin byen ranpli ti wonn akote sa w chwazi an, rantre bilten vòt la nan aparèy eskanè optik DS200, ki eskane bilten vòt la pou pran epi konte vòt w. Aparèy eskanè optik la fasil pou moun sèvi avèl epi lap menm avize w si bilten vòt la vyèj ak/oswa w vote diplis nan yon konkou konsa wap gen opòtinite pou korije bilten vòt w an.

    Eleksyon Jeneral

    Ekipman vòt eskanè optik la va disponib nan tout biwo vòt yo Jou Eleksyon an jou madi 4 novanm 2008 la, epitou nan lokal pou Vote pi Bonè yo apati lendi 20 oktòb 2008 la rive dimanch 2 novanm 2008.

    Tanpri note, aparèy manyen ekran ADA yo (iVotronics) ap toujou disponib pou moun ki gen enfimite yo.

    space
    space
    Voter Tool Kit
    Twous Dokimantasyon Votè
    space
    space
    space
    space
    Home  |  Privacy Statement  |  Disclaimer  |  Using Our Site  |  About Us  |  ADA Notice  |  Phone Directory  |  Contact Us
    © 2010 Miami-Dade County. All rights reserved.
    Miami-Dade County Logo