Pou ka vote nan nenpòt lokal oswa biwo vòt pou vote pi bonè yo, w fèt pou prezante youn nan kat didantite ak foto sa yo ki ajou:
- Lisans Kondwi Florid
- Kat didantifikasyon Florid emèt pa Depatman Sikilasyon
- Paspò Ameriken
- Kat Kredi ou Kat Bank
- Idantifikasyon Militè
- Idantifikasyon Etidyan
- Idantifikasyon Sant Grandèt
- Idantifikasyon Asosyasyon Katye
- Idantifikasyon Asistans Piblik
Si kat didantifikasyon ak foto an pa gen siyati ladann, yap egzije yon kat idantifikasyon adisyonèl ak siyati. Li pa obligatwa pou pote Kat Enskripsyon Votè w la pou ka vote. Bi kat sa a se pou enfòme w ke w enskri kòm votè ak nan ki eleksyon distri w kab vote ak ki biwo vòt ki pou w.
Si w pakab prezante idantifikasyon akseptab, yap mande w ranpli yon bilten pwovizwa. Nenpòt ki moun k'ap vote ak yon bilten vòt pwovizwa gen dwa pou bay prèv idantite li a Sipèvizè Eleksyon an pa pita ke 5 p.m. nan dezyèm jou apre eleksyon an pou asire ke vòt la konte. Mèzalò, si w vote nan zòn ki koresponn ou an epi siyati sou bilten pwovizwa w an matche ak siyati ki nan dosye Depatman Elekesyon an ou pap bezwen prezante prèv didantite --- bilten pwovizwa w an ap konte.
|