News Release Header
Kontak pou Laprès:
Dennys Gonzalez
[email protected]
305-375-3910

Sara Vallazza
[email protected]
305-375-1389

Stephanie Severino
[email protected]
305-375-1545

Konte Miami-Dade pwal prezante yon fwa ki rele « Spring Into Wellness » nan jou vandredi 10 avril


(MIAMI, 6 avril 2015) – Konte Miami-Dade pwal prezante pwochen fwa « Spring Into Wellness » li a, nan jou vandredi 10 avril, sòti 9:00 nan maten rive 2:00 nan aprèmidi nan Stephen P. Clark Government Center ki nan 111 NW 1 Street, nan Downtown Miami. Anplwaye, rezidan ak vizitè ap gen opòtinite fè konesans epi patisipe nan aktivite ki amizan depatman Konte a, òganizasyon ki pa pou pwofi, avèk vandè pote pou yo; va gen pwodui ak materyèl edikatif k ap disponib pou pwomosyon yon vi an sante.


Evènman sa a fè pati Inisyativ Byennèt nan Travay (Worksite Wellness Initiative) Majistra Konte Miami Dade, Carlos A. Gimenez, pou ankouraje anplwaye viv yon vi an sante. Fwa a va ankouraje aktivite an famiy nan kad « Jou pou Mennen Pitit ou nan Travay » (“Take Your Daughters & Sons to Work Day”) nan Lekòl Piblik Miami-Dade. Majistra Gimenez ap kontinye tradisyon li genyen pou l pran foto ansanm ak timoun ak paran yo, ant 10:00è a midi, nan sal dantre a.


« Evènman anyèl oprentan sa a, se yon bon fason pou pwomouvwa bòn sante epi akouraje tout moun sòti deyò pou jwi bon tan ki genyen nan Sid Laflorid, » Majistra Gimenez di.  « Poutèt timoun yo la jou sa a tou, nou mennen tout depatman Konte a pou bay enfòmasyon sou sa yo fè pou kreye yon anviwònman ki sen epi prezante bay timoun yo opòtinite ki genyen demen pou senten karyè. »


Pandan evènman sa a, patisipan yo kapab adopte yon bèt nan Depatman Sèvis Zannimo Konte Miami Dade, aprann pi plis sou sèvis ki disponib nan Sistèm Bibliyotèk Piblik Miami-Dade, epi Depatman Pak, Rekreyasyon ak Espas Lib, ansanm ak plizyè lòt.  Depatman Sekirite Piblik ap la pou pale sou Pwogram Anprent pou Sekirite (Fingerprinting for Safety), K9 Maya, McGruff Cruiser epi yon kamyon ponpye, pami plizyè lòt bagay. Divizyon Jesyon Resous Anviwònman Depatman Resous Règlemantè ak Ekonomik ap selebre tou « Clean Air Awareness » avèk demonstrasyon ak kado nan sal dantre a, grasa patisipasyon plis pase douz diferan gwoup ak biznis. Anplis de sa, ap gen yon mache fèmye lokal, kamyon manje, egzamen sante gratis pou anplwaye, amizman espesyal, epi jwèt sipriz.


Fwa «  Spring into Wellness » la se yon eleman enpòtan Pwogram Byennèt nan Travay (« Worksite Wellness ») Biwo Majistra Carlos A. Gimenez. Evènman sa a posib grasa kontribisyon annati plizyè Depatman Konte a avèk patwonaj Sant Byennèt Anplwaye Konte Miami-Dade ak pwofesè li yo, Konsòsyòm pou yon Miami Dade ki pi an sante, Dade County Federal Credit Union, epi vandè k ap patisipe nan Pwogram Diskont pou Anplwaye.

Kiyès:
Fwa Spring Into Wellness
Kisa:
Vandredi 10 avril, sòti 9 a.m. rive 2 p.m. Avèk opòtinite pou pran foto avèk Majistra Konte Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, sòti10 a.m. rive midi.
Kilè:
Avril 10, 2015, 9:00 a.m.- 2:00 p.m.
Kikote:

Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street
Miami, Florida 33128