News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Janvye 12, 2015
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon mè Konte Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, sou konplent United Teachers of Dade pote kont li


(MIAMI, 12 janvye 2015) – "Aprèmidi a, Avoka Konte Miami-Dade ranpli yon mosyon pou anile yon konplent United Teachers of Dade (UTD) pote kont mwen, kòm Mè. Pwosè a deklare mwen responsab pa gen ase lajan nan sistèm edikasyon an poutèt pwoblèm nan Biwo Evalyatè Pwopriyete avèk Komite Ajisteman Valè. Anfèt, antite sa yo pa sou kontwòl mwen.

"Sa a se yon pwosè ki fè moun souke tèt; se yon pwosè politik ki pa rekonèt lwa leta ak lwa lokal.

"Malerezman, lidè UTD yo pat patisipe ni mande pou yo envite yo nan divès reyinyon nou te fè pandan ane ki sòt pase a, nan County Hall avèk nan biwo Sipèentandan an. Si yo te patisipe, lidè UTD yo tap konprann Evalyatè Pwopriyete a se yon ofisye yo vote, selon konstitisyon an, pou tout konte a, epi se Depatman Revni Laflorid – yon ajan leta – ki apwouve bidjè li. Kanta Komite Ajisteman Valè a, se yon kreyasyon Eta Laflorid; li pa sou kontwòl Konte Miami-Dade.

"Konte Miami-Dade te sibi pèt tou, poutèt apèl Komite Ajisteman Valè a. Annefè, Konte a pèdi environ 44 milyon dola nan mitan ane fiskal ki sòt pase a, sa ki te mande yon rediksyon nan zafè sèvis ak pèsonèl nan tout konte a, epi sa ki te lakòz anpil lapenn. Administrasyon mwen an pran angajman pou li travay ak Sipèentandan an, manb Komite Lekòl la, administratè yo, ak pwòp Konsèy Komisè Konte a, pou idantifye fason pou nou relve tout défi nou ansanm epi ankouraje pouvwa lejislatif Laflorid pran aksyon siyifikatif. 

"Kòm Mè Konte a, mwen konnen gen plizyè defi ekonomik ki afekte Konte Miami-Dade ansanm ak sistèm lekòl la, e administrasyon mwen an pran angajman pou li kreye linyon ant tout pati yo pou yo konprann pwosesis la epi kontinye travay ansanm.

"Nan ane ki sot pase a, mwen menm ansanm ak ansyen manm nan administrasyon mwen an te rankontre plizyè fwa ak Sipèentandan Lekòl Piklib Miami-Dade (MDCPS), Alberto Carvalho, manb Komite Lekòl ak administratè MDCPS pou nou byen eksplike ki kote Biwo Ajisteman Valè a jwenn lajan epi nou te ofri pou nou kontinye travay ansanm pou idantifye fason pou diminye kòmand nan zafè apèl pou enpo fonsye.

"Grasa kolaborasyon mityèl, nou ka pran ka pwoblèm finansman epi kontinye travay pou Konte Miami-Dade tounen yon kominote klas mondyal. Pwosè ki frivòl, tankou sa UTD mande a, se obstak pou bon jan travay nap fè epi yon gaspiyaj lajan taks sitwayen yo, ki ta kapab sèvi pou lòt kòz.”