News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Oktòb 05, 2014
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Majistra Carlos A. Gimenez sou sekirite ak sante rezidan yo ak vizitè yo


 (MIAMI, 5 oktòb 2014) – “Konte Miami-Dade ak administrasyon mwen an angaje li a sekirite ak sante rezidan nou yo ak vizitè yo. Lòske li nesesè, nou kowòdone jefò ak otorite federal, eta ak medikal lokal  yo pou asire ke Konte a fè tout sa li kapab pou minimize risks pou sante rezidan yo ak vizitè yo.

“Maten an, yo te enfòme mwen sou aksyon ke otorite medikal lokal nou yo te pran nan yon ka patikilye isit nan Konte Miami-Dade. Akoz de règ ki dirije konfidansyalite pasyan yo, Konte a gen limit nan ki kalite enfòmasyon li ka pataje. Sepandan, rezidan nou yo ak vizitè yo mèt asire yo ke malgre pasyan sila ki t ap vizite rejyon nou an pat satisfè kritè ki etabli pa Sant pou Kontwole Maladi a (Center for Disease Control) pou detèmine kiyès pou fè pran tès la, e ke li pa pwobab ke moun lan gen maladi Ibola a, pou anpil mezi prekosyon, mwen te mande kanmenm pou fè tès la. Ankò, pou kounye a, nou pa gen okenn rezon pou nou kwè ke pasyan sa-a enfekte ak viris la. Administrasyon mwen an ap kontinye siveye sitiyasyon an.

“Mwen konvenki ke protokòl nou gen anplas la ap garanti proteksyon piblik la kont risk grav sou lasante."