News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Oktòb 06, 2014
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Majistra Carlos A. Gimenez sou rezilta tès yo Depatman Sante Piblik Eta Florid te fè


(MIAMI, 6 òktòb 2014) – "Mwen te resevwa rapò nan men Depatman Sante Piblik Eta Florid nan Konte Miami-Dade ak nan men Prezidan e PDG Jackson Health Systems lan ki endike ke rezilta yo pou tès pasyan ki te posibleman gen viris Ibola a, rezilta sila yo te negatif. Se Depatman Sante Eta Florid ki te fè tès yo. Pou konfòme ak protokòl  Sant pou Kontwol ak Prevansyon Maladi a (CDC) etabli, Depatman Sante Piblik te voye yon echantiyon bay CDC nan Atlanta e nou atann aske nou va resevwa rezilta yo mèkredi.  Kite mwen souliye tou ke se pou prekosyon ki fè yo te fè tès sila, etandone ke pasyan an pat satisfè kondisyon CDC etabli yo.


"Kòm Gouvènè Rick Scott te deklare, pou pran anpil prekosyon, Deptman Sante Eta Florid sot mande CDC pou ba li 30 twous tès Ibola adisyonèl ak 100 inite siplemantè ekipman pwoteksyon pèsonèl de wot nivo pou Eta a. Nou salye e aplodi jefò sila yo.


"Administrasyon mwen an ap travay tètatèt ak Depatman Sante pou regle nenpòt nan pwoblèm potansyèl sila yo daprè merit chak. Nou rete vijilan, men pa gen okenn nesesite imedya pou enkyete nou. Konte Miami-Dade gen 2.6 milyon rezidan e li se yon sant mondyal pou dè milyon touris ki soti toupatou nan lemonn chak ane.  Pa kosekan, nou toujou mentni pi wo nivo posib nan preparasyon pou fè fas a nenpòt kantite pwoblèm natirèl oswa lèzòm kreye, avèk sekirite rezidan yo ak vizitè yo ki se toujou pi gwo priyorite nou."