News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Novanm 24, 2014
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Majistra Carlos A. Gimenez sou desizyon grand jiri a sou zafè Ferguson lan


(MIAMI, 24 novanm 2014) – "Konte Miami-Dade, Depatman Polis Miami-Dade ansanm ak patnè fòdelòd nou yo ap siveye sitiyasyon nan Ferguson, Missouri an deprè. Kèlkeswa rezilta envestigasyon grand jiri an, gen yon dyalòg k ap kontinye fèt ak lidè kominotè lokal yo e ak dè òganizasyon tankou Konsèy Relasyon Kominotè. Nou konvenki ke kominote nou an ap rete kal e trankil."