News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Novanm 24, 2014
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Majistra Carlos A. Gimenez sou eleksyon nouvo Prezidan ak Vis Prezidan Komisyon an


(MIAMI, 24 novanm 2014) – “Mwen felisite Komisyonè Jean Monestime ak Esteban Bovo pou eleksyon yo kòm Prezidan e Vis Prezidan Komisyon Konte a. Mwen felisite kolèg komisyonè yo tou nan Komisyon an poutèt yo travay tèt ansanm pou bay tout sipò yo alinanimite pou kandidati mesye sila yo.

“Komisyonè Monestime se ap premye Ayisyano-Ameriken k ap prezidan konsèy 13 manm nou an lè li pran pòs li ofisyèlman kòm prezidan jou 1e janvye 2015. Eleksyon li nan pòs sila prouve ankò ke Konte Miami-Dade se yon kominote miltikiltirèl de premyè klas ki angaje li a pwomouvwa entegrasyon.

“Mwen pa ka tan pou m travay avèk Komisyonè Monestime e ak Komisyonè Bovo – yon fonksyonè leta ki pasyone de travay li e ki te reprezante kominote a nan Talahassee, epi ki kounye-a ap kontinye menm travay yo nan konte a – epi reprezante tout lòt komisyonè nou yo okou de (2) pwochen ane yo.”