News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Desanm 17, 2014
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez


(MIAMI, 17 desanm 2014) – "Yon fonksyonè nan mezon blanch la te enfòme mwen anvan remak Prezidan Obama te fè aprèmidi a. M ap repete ke se la nan Konte Miami-Dade se kote majorite Ameriken dorijin Kiba ap viv Ozetaziti, ki, tankou mwen menm ak fanmi mwen, te vini lè nou te sove kite peyi natal nou poutèt tirani. Kominote nou an konnen twò byen pase douloure ki genyen ant toude peyi nou yo.

"Pandan ke m ap felisite liberasyon Alan Gross ak yon lòt moun ankò, mwen vreman trouble wè ke sanble negosyasyon sa-a pat garanti libète pou pèp Kiben an. M ap fè kondeleyans mwen a fanmi kat Kiben-Ameriken ki te pèdi lavi yo jou 24 fevriye 1996.

"Mwen kontinye kwè ke Kiben yo ak tout moun nan lemonn antye merite gen libète ak dwa delòm. Mwen espere ke Kiba va vin yon nasyon lib e demokratik trè byento."