News Release Header
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Majistra Carlos A. Gimenez sou lamò Georgia Ayers


(MIAMI, 17 fevriye 2015) – “Mwen rejwenn rezidan Konte Miami-Dade yo pou eksprime regrè pou lamò Georgia Ayers. Mrs. Ayers se te youn nan aktivis dwa sivil Miami ki te pi enfliyan e ki te travay san rete pou gide jèn moun ki nan difikilte yo pou pa rantre nan sistè jistis penal la epi ankouraje yo mennen yon vi prodiktif. Nap toujou sonje li pou travay li fè kòm fondatè Pwogram Divèjans yo ensike kontribisyon li nan listwa Konte Miami-Dade. M ap fè kondeleans sensè mwen a fanmi li ak zanmi li yo”.