News Release Header
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez sou deplasman Miami-Dade County Youth Fair & Exposition


(MIAMI, 23 fevriye 2015) – “Administrasyon mwen an ansanm avèk mwen sot deside ke Tropical Park se pa yon lye apwopriye pou relokalizasyon “Youth Fair Konte Miami-Dade la epi yo pa pran li an konsiderasyon kòm yon sit potansyèl pou relokalizasyon. Jou ki te 4 novanm 2014, elektè Konte Miami-Dade yo te soutni yon amanman konstitisyonèl pa yon maj de 65 pousan pou pèmèt Florida International University (FIU) devlope sou yon teren jiska 64 acres nan Tamiami Park, ki se andwa aktyèl Youth Fair la. Amannman ki te apwouve pa elektè yo nan Konte-a te etabli tou ke ekspansyon FIU an ka fèt sèlman apre deplasman Youth Fair la epi okenn lajan Konte a pa ka itilize pou ekspansyon FIU ni pou deplasman Youth Fair la. Tropical Park, ki sitiye nan 7900 S.W. 40 Street nan zòn Konte Miami-Dade ki pa enkòpore a, se yon pak rejyonal anpil moun frekante e trè itilize kote yo fè anpil evennman, aktivite, lig spòtif, ak pwogram pandan tout ane-a ki kontinye yon priyorite pou kominote-a, epi, pa nesesite, sa va anpeche yo fè okenn aktivite nan anplasman an ki gran tankou Youth Fair la. Administrasyon mwen an kontinye evalye aktivman dè sit ki ka reponn a bezwen Youth Fair la, konsa pou li ka kontinye opere pou anpil ane ankò nan nouvo anplasman an”.