News Release Header
Kontak pou Laprès:
Michael Hernandez
[email protected]
305-375-1545

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez sou Apwobasyon Komisyon an pou otorize Acha Kamera Siveyans sou Kò pou Ajan Polis Miami-Dade yo


“Mwen remèsye Asanble Komisyonè Konte a ki te vote pou apwouve fè anons  pou yon Demann pou Pwopozisyon (RFP) pou kamera siveyans sou kò ak solisyon estokaj jesyon videyo pou ajan polis Miami-Dade yo ak Depatman Polis Miami-Dade. Se depi an otòn 1992 m’ap lite pou genyen kamera siveyans sou kò yo paske se te toujou konviksyon mwen ke sa va ede etabli konfyans ant piblik la ak lapolis, ensike redwi kantite plent frivòl ki pote kont ajan polis yo. Mwen rete angaje a itilize teknoloji pou amelyore sekirite 2,6 milyon rezidan yo ak ajan polis Miami-Dade yo ki pwoteje nou nan konte a”.