Ayiti Èd ak Rekiperasyon
Èd Pou Dayiti
Konte Miami-Dade ap kòdone jefò èd lokal yo epi asiste Ayiti apre tranblemandtè katastrofik ki frape peyi a. Mizajou enfòmasyon yo ap poste sou sit la depi nou resevwa yo.
Sitwayen Kap Mande Enfòmasyon
Anbasad Ameriken an nan Pòtoprens sòt etabli yon gwoup de travay nan Anbasad la pou resevwa apèl depi kondisyon yo pèmèt. Anbasad la ap travay pou idantifye sitwayen Ameriken ki an Ayiti ki bezwen èd an ijans epi pou idantifye sous kote kap bay èd ijans yo. Anplis, sitwayen Ayisyen nan Zetazini fèt pou rele Anbasad Ayisyen an nan Washington D.C. nan 202-323-4090.
Enfòmasyon sou Adopsyon
Yo mande pou sitwayen Ameriken ki gen yon dosye adopsyon an Ayiti ki te an pwosesis pou yo kontakte Depatman Deta pou enfòmasyon sou dosye adopsyon yo. Nou konprann enkyetid ke paran adoptif potansyèl yo genyen pou sante ak byennèt timoun ke yap adopte yo, ak anpresman ke yo genyen pou timoun yo vin jwenn yo ozetazini pi vit posib.
- Tcheke Enfòmasyon sou Adopsyon (anglais)
Sit Pote Kontribisyon yo
Apati dimanch 17 janvye, tout estasyon Polis ak Estasyon Ponpye, ansanm ak Bibliyotèk yo, lekòl lokal yo ak Minisipalite lokal yo pral desèvi kòm sit kontribisyon pou ranmasaj pwovizyon trè nesesè pou pèp Ayisyen an.
- Tcheke enfòmasyon adisyonèl sou sit kontribisyon yo (anglais)
- Tcheke Anplasman sit kontribisyon Minisipal yo (anglais)
Sant Enfòmasyon ak Kominikasyon
Yo etabli yon sant enfòmasyon ak kominikasyon pou kominote Ayisyèn la nan sant kominotè "Edison Little River Neighborhood Center". Comcast mete disponib nan Sant Edison la yon telefòn gratis pou rele Ayiti ak Depatman Deta Lèzetazini pou moun yo eseye kontakte fanmi yo. Pou plis enfòmasyon kontakte Edison Little River nan 305-795-1552.
- Tcheke jefò èd lokal yo (anglais)
Jwenn Sivivan yo
Komite Entènasyonal Lakwa Wouj (sig Angle ICRC) lanse yon Sit Lye Pou Fanmi pou ede moun ki Ayiti ak aletranje enskri non fanmi yo ke yap eseye rantre an kontak avèk. Li va tipa patipa enkòpore enfòmasyon ki va ofri dè repons a rechèch yo.
Si se rapò wap fè oswa wap chèche enfòmasyon sou yon timoun ki disparèt, tanpri kontakte sant National Center for Missing and Exploited Children's sou liy dijans 24è yo an ki se 1-800-THE- LOST (1-800-843-5678).
Jwen sivivan yo epi etabli patenarya ki pou bay èd
Depi ekip Fouy Iben ak Sekou li an, ki te premye ekip espesyalis dijans sou zile a, rive jiska ranmase manje ak lòt pwovizyon epi mete anplas sèvis a kominote Ayisyen-Ameriken nou an , Konte Miami-Dade ak rezidan li yo ap kontinye demontre sipò li pou Ayiti. Lokalman, Konte Miami-Dade ap rantre an patenarya ak plizyè òganizasyon epi minisipalite pou kòdone jefò apwovizyonnman èd yo. Jodiya , Konte an koumanse travay ak Food for the Poor nan sit distribisyon yo ki déjà anplas an Ayiti.
- Li Nòt Deprès






