Service Center | County Agencies | County Hall
 
space
Emergency Management & Homeland Security
Text Size:
  • Reset
  •   
  • Big
  •   
  • Bigger
  • Home | Hazard Preparedness | Programs & Services | Emergency Management | Contact Us | miamidade.gov
    space
    space
    Tout Enfomasyon space
  • Tout Jeneral
  • Si yo di w pran Refij Lakay ou
  • Dijans a kote ki pa lakay ou
  • Pyes kay ki gen Sekirite e pou rejwenn
  • space
    Bezwen Pou Granmoun Aje space
  • Kouman pou w pare pou sa
  • Si yo di w pran Refij Lakay ou
  • space
    Jenn Moun e Timoun space
  • Jenn Moun e Timoun
  • Timoun
  • space
    space space
    Print Print Email Email Helpful? Helpful?
    space
    space
    Dijans a kote ki pa lakay ou

    E si yo deklare gen yon ijans, epi yo di w pran refij lakay ou, epi ou menm ak pitit ou pa lakay ou?

    Si se nan travay ou ye:

    • Anplwaye yo, kliyan yo, ak patwon yo pral bezwen rete la si yo di yo pran refij nan kote a.
    • Sòf si danje a pa pral dire, anplwaye yo, kliyan yo, ak lòt moun yo dwe rele moun pou yo kontakte lè yo nan yon ka ijans, pou fè konnen kote yo ye, epi pou di yo an sekirite.
    • Si konpayi a ap fèmen, manadjè/pwopriyetè a dwe gade si li dwe chanje mesaj sou telefòn lan pou fè konnen konpayi a ap fèmen, epi anplwaye ak kliyan yo ap rete nan bilding lan jouktan otorite yo fè konnen yo kapab soti.
    • Mèt/pwopriyetè konpayi a dwe ekri non tout moun ki nan bilding lan, si sa posib, epi li dwe rele kote pou konpayi a pran kontak lè gen ijans lan, pou fè konnen ki moun ki la.
    • Refij lakay ou pou danje ki genyen an.


    Si pitit ou lekòl:

    • Gen anpil chans pou lekòl la mete plan ijans li ann aksyon, si yo di pran refij anndan kay, epi direksyon lekòl la pral fè elèv yo, pwofesè yo, ak anplwaye yo rete anndan.
    • Yo pral bay elèv ak anplwaye yo lòd rete anndan bilding lan, jouktan otorite yo fè konnen yo mèt soti san danje.
    • Yo ka chanje mesaj telefonik lekòl la pou fè konnen lekòl la fèmen, epi pou fè konnen elèv ak anplwaye yo pral rete nan bilding lan jouktan otorite yo di yo mèt soti san danje.


    Si ou nan yon oto:

    Se swivan ki kalite danje ki prezante a. An jeneral:

    • Si ou tou pre lakay ou, oswa biwo w, oswa yon bilding piblik, ale la touswit epi rete anndan. Swiv direktiv ki genyen pou moun pran refij anndan bilding lan.
    • Si ou pa kapab ale vit nan yon kay oswa yon bilding san danje, antre oto a sou kote lari a. Estasyonnen oto a sou kote lari a, nan yon kote ou ka rete san danje. Si gen solèy deyò a, li pi bon pou w rete anba yon pon oswa nan yon kote ki gen lonbraj pou w pa pran twòp chalè.
    • Etenn motè a. Fèmen fenèt yo ak bouch vantilasyon yo. Si se yon danje chimik, radyolojik, oswa byolojik, sele bouch vantilasyon pou chalè oswa lè kondisyone a avèk riban adezif pou kannalizasyon, si ou kapab.
    • Si se yon siklòn yo anonse, pa rete nan oto a nan yon kote ki pa bare. Chache pran refij tou pre yon batiman fiks, ki pa nan yo kote ki ka gen inondasyon.
    • Si se yon toubiyon yo anonse, estasyonnen oto a arebò lari a nan yon kote ou ka rete san danje. Kite oto a, epi ale pran refij nan yon bafon oswa nan yon ravin. Pa bliye kouvri/pwoteje tèt ou.
    • Koute radyo pou w tande dènye konsèy ak dènye direktiv yo bay.
    • Rete kote ou ye a, jouktan yo di w ou kapab retounen sou wout la san danje. Swiv direktiv otorite lapolis yo bay.
    space
    space
    Related Resources
    Enfomasyon ki kapab enprime
    space
    Contact Information
    email E-mail EEAP

    email E-mail OEM&HS

    Phone:

    305-468-5400

    Fax:

    305-468-5401

    TDD:

    305-468-5402

    Address:


    9300 NW 41St.
    Miami, FL 33178

    Request a Speaker


     more>>

    space
    space
    space
    space
    Home  |  Privacy Statement  |  Disclaimer  |  Using Our Site  |  About Us  |  Phone Directory  |  Contact Us
    © 2008 Miami-Dade County. All rights reserved.
    Miami-Dade County Logo