Pare yon plan ijans pou fanmi w. Pa bliye pare yon plan pou pran refij lakay ou, pou sove kite kay la, pou pran kontak avèk fanmi w, epi pou pwoteje bèt lakay ou.
Pran enfòmasyon pou w ka rekonnèt sirèn avètisman yo nan kote ou rete a. Si ou rete anndan Zòn Planifikasyon pou Ijans ki pre yon izin elektrik nikleyè, chache konnen kouman sirèn lan ye, lè y ap teste li.
Chwazi yon pyès nan kay la pou pran refij. Ou dwe chwazi yon pyès ki nan mitan kay la, kote ki pa prèske gen fenèt, ni pòt, ni bouch vantilasyon, oubyen ki pa gen sa ditou. Si sa posib, chwazi yon pyès kay la kote gen dlo pou moun sèvi, avèk yon telefòn ki ploge nan yon konneksyon telefòn nòmal.
Chache konnen ki estasyon radyo ak televizyon ki transmèt enfòmasyon sou ijans nan kote ou rete a.
Dekoupe davans plizyè bann plastik pou bouche fant ki arebò fenèt, pòt, ak bouch vantilasyon yo, pou si ta gen yon menas chimik, radyolojik, oswa byolojik (pou anpeche kontaminasyon nan lè a antre nan pyès kay la).
Aprann fè CPR ak/oswa premye swen.
Chwazi kòm kontak yon moun ki pa rete nan menm zòn lan, pou moun nan fanmi w rele si yo vle fè konnen kote yo ye.
If you cannot view PDF files, you can download Acrobat Reader for free from Adobe Systems, Inc. In order to use PDF files, you must have Acrobat installed on your computer.