Service Center | County Agencies | County Hall
 
space
Emergency Management & Homeland Security
Text Size:
  • Reset
  •   
  • Big
  •   
  • Bigger
  • Home | Hazard Preparedness | Programs & Services | Emergency Management | Contact Us | miamidade.gov
    space
    space
    Tout Enfomasyon space
  • Tout Jeneral
  • Si yo di w pran Refij Lakay ou
  • Dijans a kote ki pa lakay ou
  • Pyes kay ki gen Sekirite e pou rejwenn
  • space
    Bezwen Pou Granmoun Aje space
  • Kouman pou w pare pou sa
  • Si yo di w pran Refij Lakay ou
  • space
    Jenn Moun e Timoun space
  • Jenn Moun e Timoun
  • Timoun
  • space
    space space
    Print Print Email Email Helpful? Helpful?
    space
    space
    Si yo di w pran Refij Lakay ou

    Pou nenpòt ijans ki mande pou moun pran refij lakay yo, sonje pou ou:

    • Rete anndan kay, nan pyès oswa nan kote ou te chwazi pou pran refij la.
    • Fè tout moun nan fanmi w, ak bèt lakay ou rete la avèk ou.
    • Mete twouso atik pou ijans lan nan kote sa a. Adobe Reader Icon
    • Pa sèvi avèk aparèy ki mache ak gaz, ni ak pwopàn, ni ak kewozin; vapè yo kapab toksik.
    • Koute radyo oswa gade televizyon pou enfòmasyon sou ijans lan.
    • Rete anndan kay la jouktan ou tande direktiv ki di danje a pase ["all clear"] oswa direktiv pou fè yon lòt jan.

    Siklòn oubyen Toubiyon

    • Ale pran refij nan yon pyès kay anndan, ki nan mitan kay ou. Pyès kay la pa dwe genyen fenèt; ou ka chwazi yon plaka ki nan yon koulwa.
    • Pwoteje tèt ou ak yon matla oswa ak lòt bagay ki boure, si sa nesesè.
    • Rete nan pyès kay sa a pou sekirite w. Konn gen debri k ap plannen anlè ki kapab pèse miray, oswa kò pyebwa, oswa pòt. Kontinye koute nouvèl yo pou w konnen kouman siklòn lan ye, paske menm si ou pa tande li deyò a, sa pa vle di li fini – se kapab nannan siklòn lan k ap pase.
    • Si w rete nan yon bilding ki gen anpil etaj, ale lwen anndan li (si w kapab, rete bò yon eskalye oswa yon koulwa), pi ba pase 10yèm etaj la. Van yo soufle pi fò nan kote ki wo.
    • Kite yon kote lib pou w sikile, epi chache konnen kote ou ka soti si gen dife.
    • Plan plis prekosyon toujou ak zouti pou bay limyè yo. Sèvi avèk flach oswa lanp ki mache ak pil. Pa sèvi avèk bouji ki pa kouvri, ni avèk lanp ki limen ak gaz.

    Fwit Pwodwi Chimik/Matyè ki gen Danje

    • Fèmen akle oubyen bloke fenèt yo, pòt yo, ak bouch vantilasyon yo (sa pèmèt bloke fant yo pou pa gen fwit).
    • Etenn sistèm vantilasyon lè yo (mete yo sou OFF) (fenèt/vantilatè nan grenye, lè kondisyone, elatriye…).
    • Fèmen plak ki bloke chemine a.
    • Ale nan yon pyès anndan kay la ki pa anba tè (pa bezmant lan, sòf si yo di w ale la) oubyen nan pyès kote ki gen mwens fenèt, oswa pòt, oswa bouch vantilasyon an.
    • Kole riban adezif pou kannalizasyon arebò pòt la, pou fèmen fant ki ant pòt la ak ankadreman an. Si materyo ki kouvri atè a, oubyen gwosè fant anba pòt la fè riban adezif pou kannalizasyon pa kapab sèvi pou bloke fant lan, mouye kèk sèvyèt epi boure yo nan fant lan.
    • Mete plastik epè (tankou sache plastik pou poublèl yo) ak riban adezif pou kannalizasyon pou sele fenèt yo, bouch vantilasyon yo, gri pou chalè yo, vantilatè echapman yo, ak bouch ayerasyon yo.
    • Fèmen pèsyèn yo, epi rale rido yo. Pou w pa blese si ta gen yon esplozyon, rete lwen fenèt yo.

    Dife nan rakbwa

    • Pou pran refij lè gen yon dife nan rakbwa, nòmalman sa pa mande pou w gen yon pyès nan kay la ou chwazi pou w pran refij ladan. Sèl sa ou gen pou fè, se rete anndan kay la, oswa nan lekòl la, oswa nan biwo a, jan yo di w la.
    • Fèmen fenèt yo, pòt yo, ak bouch vantilasyon yo.
    • Si sa posib mete lè kondisyone a oswa sistèm filtraj la an mach [ON].
    • Pare yon moso twal mouye pou chak moun nan kay la, pou si gen anpil lafimen. Si sa rive, mete twal mouye a devan nen nou pou nou respire.
    • Pare twouso ki gen atik pou ijans lan, pou si ou oblije kouri soti. Dife konn chanje direksyon vit, sa ki kapab yon danje pou kay ou.

    Fwit Radyasyon

    Gouvènman an tabli direktiv fèm pou garanti sekirite w si ta vin gen yon ijans nan yon izin elektrik nikleyè, sa ki pa fasil pou rive. Otorite pou ijans yo pral bay enfòmasyon ak direktiv alè, ak tout presizyon nesesè yo. Lè yo di w pran refij lakay ou pou lòt kalite fwit radyasyon (tankou zak teworis), se menm direktiv yo ki aplikab.

    • Fèmen akle oubyen bloke fenèt yo, pòt yo, ak ouvèti vantilasyon yo (sa pèmèt bloke fant yo pou pa gen fwit).
    • Etenn sistèm vantilasyon lè yo (mete yo sou OFF) (fenèt/vantilatè nan grenye, elatriye…). Ou mèt kite lè kondisyone a mache si vantilasyon pou chanje lè yo fèmen.
    • Fèmen plak ki bloke chemine a.
    • Si sa posib, ale nan bezmant lan, oswa nan pyès anndan kay la ki gen mwens fenèt, oswa pòt, oswa bouch vantilasyon an.
    • Sèvi avèk riban adezif pou kannalizasyon, epi avèk bann plastik pou kouvri ak sele pòt yo, fenèt yo, bouch vantilasyon yo, gri pou chalè yo, vantilatè echapman yo, ak bouch ayerasyon yo.
    • Kouvri manje yo oswa mete yo nan frijidè.
    space
    If you cannot view PDF Get Acrobat! files, you can download Acrobat Reader  for free from Adobe Systems, Inc. In order to use PDF files, you must have Acrobat installed on your computer.
    space
    space
    Related Resources
    Enfomasyon ki kapab enprime
    space
    Contact Information
    email E-mail EEAP

    email E-mail OEM&HS

    Phone:

    305-468-5400

    Fax:

    305-468-5401

    TDD:

    305-468-5402

    Address:


    9300 NW 41St.
    Miami, FL 33178

    Request a Speaker


     more>>

    space
    space
    space
    space
    Home  |  Privacy Statement  |  Disclaimer  |  Using Our Site  |  About Us  |  Phone Directory  |  Contact Us
    © 2008 Miami-Dade County. All rights reserved.
    Miami-Dade County Logo