Istwa Sammy
Sammy renmen timoun epi li vle yo toujou an sekirite. Li ede timoun yo aprann kisa pou yo fè si yo di yo pran refij lakay yo. Sammy kontan lè li konnen ou an sekirite lè gen yon ijans.
Kisa ki rele Refij Lakay ou?
Lè gen yon ijans, yo kapab mande ou menm ak fanmi w ale anndan kay epi rete la jouktan yo di nou mèt soti ankò san danje. Refij lakay ou kapab pwoteje w pandan ijans tankou:
- Siklòn oubyen toubiyon
- Dife nan rakbwa
- Fwit pwodwi ki kapab gen danje ladan yo
Kouman ou kapab konnen si ou dwe pran Refij Lakay ou?
- W ap tande yon mesaj nan radyo oswa televizyon ki avèti w; se kapab menm yon moun nan fanmi w, oswa yon pwofesè, oswa yon ajans polis ki anonse w sa.
Kouman pou w pare pou sa
- Chache konnen ki kote fanmi w chwazi pou nou pran refij nan kay la. Kote sa a dwe yon pyès ki anndan kay la, kote ki pa prèske gen fenèt, ni pòt, ni bouch vantilasyon, oubyen ki pa gen sa ditou.
Sammy di lè ou pran Refij Lakay ou, ou dwe:
- Ale jwenn paran/responsab legal ou, oswa lòt moun majè ou fè konfyans, epi rete kote yo tout tan.
- Antre nan pyès kay ki la pou pran refij la.
- Pa bliye mennen bèt ou genyen lakay ou nan kote sa a tou.
- Fèmen fenèt ak pòt yo byen.
- Koute radyo oswa gade televizyon pou konnen ki lòt direktiv yo pral bay.
- Kenbe sanfwa w, epi ou pral an sekirite.
- Rete anndan kay la avèk pasyans jouktan ou tande direktiv ki di danje a pase ["all clear"] oswa direktiv pou fè yon lòt jan.
Eske ou Kapab Ede Sammy Jwenn yon Kote an Sekirite pou Pran Refij Lakay ou?


Ready Kids
Sit entènèt Timoun Tou Pare a gen aktivite entèaktif ki ede timoun aprann pandan y ap amize yo! http://www.ready.gov/kids
Key Resources
|