Pare yon plan ijans pou fanmi w. Pa bliye pare yon plan pou pran refij lakay ou, pou sove kite kay la, pou pran kontak avèk fanmi w, epi pou pwoteje bèt lakay ou.
Pran enfòmasyon pou w rekonnèt sirèn avètisman yo (tankou sirèn yo sonnen nan izin elektrik nikleyè a, si ou rite nan Zòn Planifikasyon pou Ijans lan).
Chwazi yon pyès nan kay la pou pran refij. Ou dwe chwazi yon pyès ki nan mitan kay la, kote ki pa prèske gen fenèt, ni pòt, ni bouch vantilasyon, oubyen ki pa gen sa ditou.
Chache konnen ki estasyon radyo ak televizyon ki transmèt enfòmasyon sou ijans nan kote ou rete a.
Dekoupe davans plizyè bann plastik pou bouche fant ki arebò fenèt, pòt, ak bouch vantilasyon yo, pou si ta gen yon menas chimik, radyolojik, oswa byolojik (pou anpeche kontaminasyon nan lè a antre nan pyès kay la).
Lòt konsèy ankò
Sonje kisa ou kapab fè poukont ou, epi pou ki aktivite ou pral bezwen moun ede w lè gen yon ijans.
Ekri yon lis ki gen non moun ou fè konfyans, ki kapab ede w.
Afiche nimewo pou w rele lè gen ijans.
Pare yon siyal pou fè konnen lè w bezwen moun ede w (tankou kwoke yon bagay sou yon pòt, sifle yon siflèt, aktive yon sistèm alèt medikal, elatriye…).
Si w gen yon sèvis sante ki ede w lakay ou, pare yon plan avèk ajans lan pou pwosedi nan ka ijans.
Si w bezwen yo ede w nan aktivite w chak jou, oswa si ou depann sou aparèy elektrik, enskri tèt ou nan Pwogram Asistans Miami-Dade pou Kite Kay nan Ka Ijans lan [Miami-Dade Emergency Evacuation Assistance Program]. Rele 311 pou mande asistans.
If you cannot view PDF files, you can download Acrobat Reader for free from Adobe Systems, Inc. In order to use PDF files, you must have Acrobat installed on your computer.