Kisa ki rele Refij Lakay ou?
Lè gen yon ijans, anons pou ijans lan kapab mande piblik la chache refij anndan kay, sa ki vle di chache refij san ale deyò. Refij anndan kay la pèmèt ou jwenn pwoteksyon pandan yon tan kout lakay ou oswa nan yon lòt bilding. Nan anpil sikonstans, refij lakay ou se pi bon pwoteksyon ou ka genyen kont yon danje, epi li ka yon altènativ ki bay plis sekirite pase si ou kite lakay ou.
Poukisa ou kapab bezwen pran Refig Lakay ou
Men kèk evennman ki kapab gen danje ki ka rive nan Miami-Dade County:
Kouman ou kapab konnen si ou dwe pran Refij Lakay ou
Otorite nan Miami-Dade County yo ap transmèt yon alèt nan radyo oubyen nan televizyon pou di moun nan popilasyon an pran refij lakay yo.
Koute radyo oswa gade televizyon pou w konnen chanjman ki fèt yo, paske lè kondisyon yo chanje, yo kapab chanje konsèy yo bay popilasyon an.
Lè gen yon ijans, Sistèm Alèt pou Ijans lan [Emergency Alert System] ap fè konnen ki pi bon aksyon moun dwe pran pou pwoteksyon.
Kouman pou w pare pou sa
-
Aprann plan aksyon ki genyen nan fanmi w pou lè gen ijans. Plan an dwe genyen pwosedi pou pran refij lakay ou, pou sove kite kay la, pou pran kontak avèk fanmi w, epi pou pwoteje bèt lakay ou.
-
Pran enfòmasyon pou w rekonnèt sirèn avètisman yo (tankou sirèn yo sonnen nan izin elektrik nikleyè a, si ou rete nan Zòn Planifikasyon pou Ijans lan).
-
Chache konnen ki kote fanmi w chwazi pou nou pran refij nan kay la. Nou dwe chwazi yon pyès ki nan mitan kay la, kote ki pa prèske gen fenèt, ni pòt, ni bouch vantilasyon, oubyen ki pa gen sa ditou.
-
-
Chache konnen ki estasyon radyo ak televizyon ki transmèt enfòmasyon sou ijans nan kote ou rete a.
-
Chwazi kòm kontak yon moun ki pa rete nan menm zòn lan, pou ou menm ak moun nan fanmi w rele pou fè konnen kote nou ye, epi pou di nou an sekirite.
-
Si ou gen timoun w ap okipe, aprann pwosedi ak plan fanmi an genyen, epi kote yo mete twouso pou ijans lan, ak enfòmasyon pou kontakte moun pou ka ijans yo.
Si yp di w pran Refij Lakay ou
-
Rete anndan kay, nan pyès oswa nan kote nou te chwazi pou pran refij la. Fèmen fenèt yo, pòt yo, ak bouch vantilasyon yo byen.
-
Fè tout moun nan fanmi w, ak bèt lakay ou rete la avèk ou.
-
Mete twouso atik pou ijans lan nan kote sa a.
-
Pou yon siklòn oubyen yon toubiyon, pwoteje tèt ou ak yon matla oswa ak lòt bagay ki boure.
-
Si se yon dife ki pran nan yon rakbwa, mete lè kondisyone a/sistèm vantilasyon yo an mach [ON]; mete yon twal mouye devan nen w pou respire.
-
Si yo anonse yon danje chimik, radyolojik, oswa byolojik, veye pou fenèt ak pòt yo byen fèmen ak sele, epi etenn vantilatè ak aparèy lè kondisyone yo [mete yo sou OFF].
-
Pa sèvi avèk aparèy ki mache ak gaz, ni ak pwopàn, ni ak kewozin; vapè yo kapab toksik.
-
Sèvi ak telefòn sèlman pou ijans.
-
Koute radyo oswa gade televizyon pou resevwa dènye enfòmasyon sou ijans lan.
-
Rete anndan kay la jouktan ou tande direktiv ki di danje a pase ["all clear"] oswa direktiv pou fè yon lòt jan.
Si yo di w pran refij nan lekòl ou
-
Koute epi swiv direktiv pwofesè yo ak lòt moun ki nan direksyon lekòl la.
-
Rete anndan lekòl la, nan kote yo di ale pou pran refij la. Kote sa a dwe yon pyès ki anndan lekòl la, kote ki pa prèske gen fenèt, ni pòt, ni bouch vantilasyon, oubyen ki pa gen sa ditou.
-
Fèmen fenèt yo, pòt yo, ak bouch vantilasyon yo byen.
-
Si sa posib, rele paran w oswa moun ki responsab legal ou pou fè yo konnen ou an sekirite. (Si w pa kapab jwenn paran w oswa moun ki responsab legal ou, rele moun ou dwe kontakte pou ijans, ki pa rete nan zòn lan.)
|