News Release Header
For Immediate Release:
October 25, 2012

Media Contact:
Laura Phillips
[email protected]
305-755-7842



Miami-Dade County Parks Ap Prezante Yon Konse Sware Twopikal Gratis Avek Lejann Mizik Konpa ''Magnum Band'' Nan Oak Grove Park Patwone Pa Knight Foundation

9 novanm a 7:30 pm


(Miami-Dade County, FL) -- 
Depatman Miami-Dade Parks, Rekreyasyon ak Espas Ouvè ansanm ak Konmisyonè Distrik 2  Konte Miami-Dade Jean Monestime envite kominote a fè eksperyans mizik vif ak kilti Ayisyen nan konsè live gratis yap prezante jou vandredi 9 novanm nan Oak  Grove Park, avèk gwoup lejandè Magnum Band. Pwogram sa-a fè pati seri espektak gratis Noches Tropicales/Sware Twopikal pou sezon an prezante pa Depatman Parks, Rekreyasyon ak Espas Ouvè Miami-Dade ki patwone pa Knight Foundation.  Admisyon ak pakin gratis pou evennman sa-a. Koumanse a 7:30 p.m.

"Sa-a se yon bèl opòtinite pou rezidan yo ak timoun yo pwofite de yon sware inoubliyab ak fanmi yo nan pak bò lakay yo, ensike yon eksperyans kiltirèl rich avèk mizisyen remakab sa yo ki nan kominote mizikal Ayisyen an", deklare Komisyonè Monestime.

Magnum Band te fòme an 1976, pa de (2) frè Ayisyen André "Dadou" Pasquet ak Claude "Tico" Pasquet; e endistri mizik Ayisyèn lan rekonèt li kòm youn nan gwoup pi divèsifye, kaptivan, e ki la depi pi lontan. Gwoup la lejandè poutèt li kreye yon estil inik mizik konpa (mizik Ayisyen ak rasin Afriken); melanje lirik konsyans sosyal ak eleman rasin Ayisyen ak kilti Karibeyen, ak yon zès ritm djaz, pòp, ak dè ritm ki plen nanm. Kèk nan chante pi popilè Magnum Band yo enkli  "Paka Pala," "Ashadei," "Fyète," "Moun Sa," "Pike Devan," ak "Severite."

Dadou se lidè estime gwoup Magnum Band lan, chantè, otè-konpozitè, ak gitaris; ke anpil moun rele "Anbasadè Enstriman Fisèl Ayisyen." Gran frè li Tico se "batè tanbou ekstwòdinè" gwoup la, e yo konn rele li "pi bon tambourinè nan listwa mizik Konpa".

Magnum Band jwe nan anpil gwo kote nan lemon, tankou Le Zenith arena nan Paris, France; ak Centennial  Olympic Park nan Atlanta, Georgia, kòm youn nan gran espektak pou Jewèt Olenpik Ete 1996 yo. Nan menm ane sila, Endistri Mizik Ayisyen an te onore Magnum Band ak distenksyon kòm "pi bon gwoup mizik" epi albòm li an La Seule Difference kòm "pi bon albòm".

Koulye-a nan 36yèm ane li, Magnum Band kontinye ap pèfòme mizik anpil enèji ak ritm konpa inik ki selebre pwofondè pèsistan ak popilarite mizik ak kilti Ayisyen an. Gwoup la gen pliske 33 albòm, notaman dènye albòm li an "Rété Avè'm  Chéri."

Sezon espektak Noches Tropicales 2012-2013 la ap gen divès mizisyen ak diferan estil mizik. Sezon an te lanse jou 19 oktòb ak yon sware twopikal ak  mizik salsa nan Tropical Park avèk chantez Elaine Hernandez. Lòt konsè Noches Tropicales ki pral fèt yo patwone pa Target nan Tropical Park ap enkli gwo vedèt mizik Latin Edwin Bonilla jou 7 desanm; chantè pòp Espayòl  Amaury Gutierrez jou 8 fevriye; ak atis mizik Mereng Tony Swing jou 5 avril.

Nouvo seri espektak sezon an "Noches Tropicales/Sware Twopikal" patwone pa Knight Foundation ap fèt nan Country Village Park jou 18 janvye ak nan Goulds Park jou 1e mas. Yap anonse atis yo byento.

Nan mwad septanm ki sot pase a, Miami-Dade Parks te lanse seri espetak gratis 2012/2013 li-a "Noches Tropicales" ak yon gala Djaz Latin nan Oditoryòm Konte Miami-Dade avèk dè gwo atis tankou Joan  Cartwright, Nicole Yarling, Carlos Averhoff, Kiki Sanchez, Elaine  Hernandez, Andy Harlow, Niki Orta, Reinier Guerra ak Daniel Berroa. Gala a ak konsè ki  pwograme pou sezon an te sibvansyne ak yon don $100,000 de Knight Foundation pou elaji seri espektak  Noches Tropicales la de baz li nan Tropical Park pou enkli lòt andwa toupatou nan Konte a.

Seri espektak Noches Tropicales 2012-2013 la te resevwa yon don $75,000 de Target Corporation (NYSE: TGT). Don an fè pati jefò kontinyèl konpayi Target pou konstwi dè kominote fò, an sekirite e an sante atravè peyi a. Jefò sila yo enkli  jefò konpayi Target ap fè depi lontan pou bay kominote yo 5 pousan nan revni li, ki egal jodiya a pliske $3 milyon chak semèn. Kòm yon pati nan angajman sa-a, Target planifye bay $1 milya dola pou edikasyon anvan fen ane 2015 pou ede timoun aprann, ede lekòl yo anseye epi ede paran yo ak adilt ki sousye yo angaje yo. Jounen jodiya, Target deja bay pliske $300,000 sibvansyon kiltirèl pou sipòte pwogram Noches Tropicales.

Koulye-a nan setyèm ane li, Noches Tropicales, ki te inogire pa Komisyonè Konte Miami-Dade, Sen. Javier D. Souto, patwone pliske 20 sware konsè nan Tropical Park ki enkli mizik tradisyonèl kontanporen Kiben ak zarzuelas,  tango Ajanten, Djaz Brezilyen, ak yon vèsyon Romeo e Jilyèt de Shakespeare nan lang Panyòl. Pliske 40,000 moun patisipe nan konsè  Noches Tropicales yo okou lane yo.

Oak Grove Park sitiye nan 690 N E 159 St., Miami. Espektatè yo ki vin nan konsè a ka pwofite de yon pis pou danse ak kòn nèj gratis jiskaske yo fini. Konsè a ka anile anka ta gen lapli. Pou plis enfòmasyon sou konsè Magnum Band nan Oak Grove Park, rele Biwo Komisyonè Konte Miami-Dade Jean Monestime, nan 305-694-2779. Pou plis enfòmasyon sou lòt konsè kap fèt alavni nan sezon konsè Noches Tropicales/Sware Twopikal 2012-2013 la, rele 305-271-0812, oswa ale sou Miami-Dade Parks.

Konsènan Depatman Park, Rekreyasyon ak Espas Ouvè Konte Miami-Dade:
Akredite onivo nasyonal, ganyan Prim Meday Dò Nasyonal NRPA pandan twa fwa epi gayan prim 2009 Florida Governor's Sterling Award pou ekselans nan jesyon ak fonksyonman, Miami-Dade County Parks se twazyèm pi gran sistèm pak konte nan Zetazini, konpoze de 260  pak ak 12,848 acres tè.  Se youn nan sistèm pak ak rekreyasyon pi inik nan lemonn. Se pa sèlman dè espas pou timoun jwe ke li genyen. Li konpoze tou de teren espò, pwogram apre lekòl, devlopman espò, ak pwogram kan dete; pwogram pou granmoun aje ak moun enfim; sant lanati edikatif, rezèv lanati ak jefò restorasyon anviwonnmantal; pwogran kiltirèl ak evennman; selèb Miami Zoo ak Deering Estate nan Cutler; Crandon  Tennis Center ki akeyi Sony Ericsson Open; teren gòlf; plaj;  waf kabotaj; teren kanpin; pisin; ak plis ankò. Pou enfòmasyon sou Miami-Dade County Parks rele 3-1-1, oswa ale sou Miami-Dade County Parks.

Miami-Dade County Parks sipòte pa Parks Foundation of Miami-Dade yon òganizasyon 501(c)3  ki pa pou pwofi ki sipòte jefò Depatman Pak, Rekreyasyon ak Espas Ouvè Konte Miami-Dade pou devlope plis ankò sistèm pak klas mondyal Konte Miami- Dade la pou rezidan yo ak vizitè yo. Misyon li se pou kreye yon kominote Miami ki plis an sante, pi vivab epi ki dirab nan asire enplimantasyon Plan Global Espesifik pou Pak Espas Ouvè a ak devlopman pwogram pak ak rekreyasyon pandan tout ane a  pou timoun, granmoun ak enfim lokal yo. Pou plis enfòmasyon sou Parks Foundation, ale souParks Foundation.

Pou mande dokiman nan fòma aksesib, enfòmasyon sou aksè pou moun enfim, oswa sèvis entèprèt ki pale lang siy (7 jou davans), rele 305-755-7848.


 

# # #

 

MIAMI-DADE PARKS, RECREATION AND OPEN SPACES DEPARTMENT
275 NW 2nd Street, 3rd Floor Miami, Florida 33128
(305) 755-7842