News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Jen 19, 2015
Kontak pou Laprès:
Edith Torres
[email protected]
305-755-7862

Corey Miller
[email protected]
305-671-4721

AvMed ak Miami-Dade Parks lanse yon pwogram yon kilomet aktivite fizik pou vakans dete a


(MIAMI, 19 jen 2015) – Pandan grann vakans ane sa-a, timoun yo ki enskri nan youn nan 32 kan dete Miami-Dade Parks yo ap fè yon gwo pa nan jefò yo pou viv an sante, lè yo patisipe nan pwogram Morning Mile® AvMed la, kote yo va aprann mache, kouri oswa fè djògin yon kilomèt pa jou.

Pou ankouraje etidyan yo ak demontre avantaj ki genyen nan mache/kouri lè maten, Komisyonè Konte Miami-Dade yo, ensike AvMed ak reprezantan Miami-Dade Parks yo, ap rankontre ak timoun nan kan yo pou kouri ansanm nan jou maten yap lanse pwogram “fun-run” lan nan senk pak distrik. Lokal yo ak lè pwogram lan se: 

Pwogram “Morning Mile” kan dete Miami-Dade Parks’ Fit2Play™ la enkane dè konsèp enpòtan” deklare Vis Prezidan e Chèf Maketing AvMed James M. Repp. Byennèt ak egzèsis fizik fè nou viv byen e an sante, epitou, pandan senkan dafile, nou fyè bay soutyen nou a yon pwogram ki koumanse ak yon pa chak maten nan bòn direksyon”.
 
 “M’ap remèsye AvMed pou angajman li anvè lasante ak byennèt residan Miami-Dade ak poutèt li patwone dè pwogram tankou Morning Mile pou ede timoun nou yo vin an bòn sante”, deklare Chèmann Monestime.

Devlope pa Fitzness International nan Gainesville, FL, pwogram Morning Mile la te kreye pou fè timoun yo bouje kò yo, vin anfòm ak vin gen bon abitid fè egzèsis fizik menm lè yo vin gen laj adilt. Li byen rantre nan pwogram kan dete Fit2Play™ Miami-Dade Parks la, ki aprann timoun yo kouman pou yo mennen yon vi sen ak aprann yo bon kalite kondisyonnman fizik ki baze sou prèv.  Pou chak senk mil yo mache/kouri/fè djògin, timoun yo resevwa yon meday pou chèn nan kou yo pou make pwogrè yo ak ankouraje yo fè egzèsis. Patwonaj AvMed la gen ladan li pake atik ak materyo nesesè pou koumanse pwogram lan, ki bay espesyalis rekreyasyon yo enstriksyon ak materyo pou enplimante pwogram lan nan 32 sit kan Fit2Play™ yo. AvMed se toujou prensipal esponnsò pwogram Morning Mile la nan nasyon an, ki te koumanse nan Florid men kounye-a ki etann sou prèske 200 sit atravè wit eta, anplis de kanada ak Baz Èfòs Ameriken ki toupre Tokyo o Japon. 

“Grasa AvMed, nou kontinye enpakte timoun yo avèk eksperyans ki chanje lavi yo avèk pwogram Morning Mile la”, deklare Fondatè Fitz Koehler.  “Mwen konvenki ke nan chak etap yo rive avèk nou, ap klere wout lavni an pou yo nan yon nivo enkwayab”.

“Nou gen AvMed larekonesans pou patenarya li ak angajman li pataje avèk nou pou founi pwogram rekreyatif a bon pri pou moun tout laj vin mete yo oswa rete anfòm e an sante nan  Miami-Dade County Parks,” deklare Jack Kardys, Direktè Depatman Recreation ak Espas Lib Miami-Dade.  “Pak yo se premye chwa yon kominote pou jwenn okazyon pou fè egzèsis fòm fizik, espò, ak rekreyasyon ki aksesib”.


Miami-Dade Parks se yon sistèm pak de klas entènasyonal ki soutni pa Parks Foundation of Miami-Dade epi ki fokalize sou Placemaking, Sante ak Fòm Fizik, epi Konsèvasyon ak Jerans.  Pou plis enfòmasyon, vizite www.miamidade.gov/parks.

Apwopo Miami-Dade Parks: http://www.miami-dade.gov/parks/about-parks.asp.

Apwopo Parks Foundation of Miami-Dade: http://www.miamidade.gov/parks_foundation/about-us.asp.

Apwopo AvMed:  https://www.avmed.org/AboutUs/Default.aspx


Pou mande materyèl nan yon fòma aksesib, enfòmasyon sou aksè pou moun ki enfim, oswa sèvis entèprèt ki pale lang an siy (7 jou davans), rele 305-755-7848.