Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez konsènan kouvrefe, ouvèti plaj/pisin

MIAMI ( Me 31, 2020 )

Apre twoub ki asosye ak manifestasyon nan kominote nou an, mwen deside ranvwaye reouvèti plaj yo nan Konte Miami-Dade ki te pwograme pou lendi premye jen an. Plaj yo ap rete fèmen jiskaske dekrè kouvrefe a leve. Pisin apatman, pisin nan kondominyòm, ak lòt pisin kominote prive ke asosyasyon pwopriyetè kay yo jere ka toujou louvri jan sa te planifye. Anplis, pisin ki nan pak Miami-Dade sa yo pral relouvri: Goulds Park, Goulds Park, A.D. Barnes Park and Oak Grove Park. Otèl yo ap kapab tou elaji akomodasyon yo.

Anplis de sa, mwen pral mete ajou dekrè egzekitif lan pou yon ekstansyon orè kouvrefe a soti 9 p.m. rive 6 a.m., efektif dimanch 31 me jiskaske dekrè a leve. Vil yo ka gen règ ki pi sevè. Pa egzanp, kouvrefe Vil Miami an kòmanse a 8 pm.