Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Kouvrefe kòmanse a 9:00 chak swa, ak egzanpsyon pou anplwaye nan biznis esansyèl ak medya yo

Tout plaj Konte Miami-Dade ap rete fèmen 24 sou 24 pou dire Dekrè Egzekitif la

MIAMI ( Me 31, 2020 )

Dimanch 31 me 2020, Majistra Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen yon amannman nan Dekrè Egzekitif A1-20 an ki endike biznis esansyèl ki ka bay sèvis pandan kouvrefe tout konte an ki te kòmanse samdi 30 me a 9:00 chak swa pou rive 6:00 maten apre a.

Anplis de sa, tout plaj nan Konte Miami-Dade, gen ladan zòn enkòpore ak zòn ki pa enkòpore, ap rete fèmen 24 sou 24 jiskaske kouvrefe a anile.


Minisipalite ki Konte Miami-Dade yo ka gen kouvrefe ki pi sevè pase sa, kidonk rezidan yo ta dwe tcheke dekrè yo bay nan vil yo.


Pandan kouvrefe sa a, yo pa otorize moun sou okenn lari oswa twotwa pou kèlkeswa rezon.
Sèl moun ki otorize nan zòn sa yo se lapolis ki an sèvis, ponpye, premye sekouris, medya, pèsonèl medikal, pèsonèl swen sante ak sèvis reparasyon itilite, ak anplwaye nan biznis esansyèl yo. Yo va otorize moun yo pwomne chen yo a 250 pye de lakay yo..


Biznis esansyèl yo gen ladan yo: boutik, famasi, jounal, sèvis televizyon ak radyo, estasyon gaz, bank, magazen materyo, biznis lesiv, restoran, founisè transpò, sèvis peyizaje ak swen pisin, epi nenpòt biznis nan ayewopò, pò oswa etablisman gouvènman.


Klike isit la pou yon lis konplè biznis egzante yo