Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez konsènan Eta a ki ap antre nan Faz 3 plan rekiperasyon COVID-19 la

MIAMI ( Septanm 25, 2020 )

Vandredi 25 septanm 2020, Gouvènè Ron DeSantis te siyen Dekrè Egzekitif 20-244 ki mete tout Florid nan Faz 3 plan rekiperasyon COVID-19 la.

Men sa nou konnen jiskaprezan sou sa li vle di pou Konte Miami-Dade:

  1. Eta a va nan faz 3 epi tout restriksyon Eta a ki gen rapò ak COVID-19 yo leve. Sepandan, sa pa anpeche Konte a gen pwòp règleman pa li, jan Eta  a te apwouve sa.
  2. Tout biznis ka relouvri, men Konte a ka toujou enpoze direktiv ak pwotokòl.
  3. Tout restoran, kèlkeswa gwosè espas enteryè yo, va otorize fonksyone a 50% kapasite.
  4. Sitasyon sivil yo te bay pou vyolasyon dekrè ki te fè mete mask obligatwa sispann.

Anplwaye mwen avèk mwen ap konsilte Biwo Pwokirè Konte a konsènan aplikasyon obligasyon mask nan biznis yo. Nou vle asire ke gen konfòmite avèk dekrè Eta a, pandan nou ap kontinye aji nan enterè kominote nou an.

Tanpri, sonje kouvrefe Konte a rete anvigè soti 11 p.m. rive 6 a.m. 

Nou va kontinye enfòme rezidan ak biznis yo sou tout lòt chanjman.