Kontak pou Laprès:
Rachel Johnson
[email protected]

Deklarasyon Majistra Miami-Dade la, Daniella Levine Cava sou elijibilite elaji pou vaksen an Florid

MIAMI ( Mas 25, 2021 )

Majistra Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, te pibliye deklarasyon sa a aprè anons Gouvènè DeSantis sou elijibilite elaji pou vaksen an Florid:

"Mwen felisite Gouvènè a dèske li te swiv kominote tankou Miami-Dade ki te avanse avèk yon plan solid pou elaji elijibilite pou vaksinasyon an, gras a ogmantasyon ekipman pou sit federal yo. Miami-Dade deja vaksinen 70% granmoun aje ki gen 65 ane oswa plis, avèk plis pase 650,000 nan rezidan nou yo ki deja resevwa omwen yon premye dòz. Kounye a nou ap avanse avèk yon kanpay angajman piblik kominotè pi agresif nan lang anglè, panyòl ak kreyòl ayisyen pou asire ke, avèk elijibilite elaji pou tout granmoun nan dat 5 avril, chak rezidan ap konnen yo ka pran yon vaksen. Epi apati lendi sa a, tout rezidan ki gen 40 ane oswa plis ka pran yon vaksen nan kèlkeswa sit vaksinasyon nan Miami-Dade.

"Sa a se chemen ki pi klè pou nou retounen nan lavi nòmal, mete pandemi sa a dèyè do nou, epi mwen pral travay ak kominote nou an pou asire ke tout rezidan nou yo pran vaksen. Ale pran vaksen ou, Miami-Dade."