Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava, konsènan enfòmasyon ke gen 1 milyon rezidan ki vaksinen

MIAMI ( Avril 14, 2021 )

Jodi a, Majistra Miami-Dade Daniella Levine Cava te kominike deklarasyon sila a apre li te resevwa rapò vaksinasyon jodi a ki montre gen plis pase 1 milyon rezidan nan Miami-Dade ki te resevwa omwen 1 dòz nan vaksen an:

Li di konsa:“Mwen trè fyè poutèt 1 milyon nan rezidan Miami-Dade te resevwa omwen yon dòz nan vaksen kowonaviris la. Etap sa a montre rezilta tout efò nou fè yo pou pwoteje kominote nou an epi pou mete pandemi a dèyè nou. M ap toujou rekonesant pou tout travayè lasante premyè liy yo ak sekouris yo ki te kenbe nou an sekirite pandan tout kriz sa a – epi tout gwo travay sa a pou reyisi bay moun yo vaksen yo ap fè ke chak jou n ap vanse pi pre de lè pandemi a pral fini.

Pou tout moun ki poko resevwa vaksen yo, tanpri pran vaksen an. Se vreman pi bon mwayen nou genyen pou pwoteje tèt nou epi fè kominote nou an pike devan.”