Kontak pou Laprès:
Alex Spillis
[email protected]

Konte Miami-Dade ak Lekòl Piblik Konte Miami-Dade fè patenarya pou pote vaksinasyon nan lekòl piblik yo

MIAMI ( Me 13, 2021 )

Semèn sa a, Konte Miami-Dade ak Lekòl Piblik Konte Miami-Dade (M-DCPS) ap fè patenarya pou ofri vaksen Pfizer kont COVID-19 nan lekòl piblik tout konte a, pou bay aksè lokal ki pi pratik a anplwaye lekòl, elèv, fanmi, ak nenpòt moun nan kominote a ki vle pran vaksen.

Aprè otorizasyon CDC jodi a pou vaksen Pfizer pou timoun ki gen laj 12 a15 ane, adolesan ki gen 12 ane oswa plis va elijib pou resevwa vaksen nan lokal vaksinasyon M-DCPS yo.

Majistra Daniella Levine Cava te di: "Lè nou vaksinen pwofesè, anplwaye lekòl yo, fanmi yo, ak jèn yo, lekòl nou yo ka retounen nan nòmal epi nou tout ka retounen nan fè tout sa nou renmen, ak moun nou renmen yo. Avèk apwobasyon CDC jodi a, nou pral kòmanse administre vaksen pou adolesan 12 a15 ane avèk konsantman paran yo epi nou kontan fè patenarya avèk M-DCPS pou bay vaksen dirèkteman a plis fanmi."

Sipèentandan Lekòl  la, Alberto M. Carvalho te di: "Fanmi M-DCPS la ale pi lwen pase elèv ak anplwaye nou yo. Mete vaksen disponib nan plizyè lekòl nou yo, pou tout moun ki elijib, te toujou yon priyorite Komisyon Konsèy Lekòl sa a ki va ede pwoteje tout kominote nou an  Nou fyè pou nou fè patenarya avèk Konte Miami-Dade ak Majistra Levine Cava pou pote vaksen yo pi pre moun ki bezwen yo."

Lokal sa yo va bay vaksen Pfizer pou tout granmoun ak jèn ki elijib dapre direktiv otorizasyon federal aktyèl yo, gen ladan adolesan ki gen laj 12-15 ane selon dènye apwobasyon CDC a. Nenpòt moun ki poko gen 18 ane dwe gen paran oswa yon gadyen ki akonpaye yo pou resevwa vaksen an. Ou ka telechaje yon fòm konsantman tès depistaj COVID-19 si ou klike la a oswa vizite www.floridahealthcovid19.gov.   

LOKAL AK ORÈ
Vaksen yo disponib Samdi 15/5 ak Samdi 22/5 soti 9 am rive 5 pm nan lokal sa yo pou piblik la an jeneral. Randevou pa obligatwa men ou ankouraje w enskri davans isit la pou w pa pèdi tan lè w rive sou plas.       

  1. North Miami Senior High School: 13110 NE 8th Ave, North Miami, FL 33161
    2. Miami Jackson Senior High School: 1751 NW 36th St, Miami, FL 33142
    3. Miami Sunset Senior High School: 13125 SW 72nd St, Miami, FL 33183
    4. Homestead Senior High School: 2351 SE 12th Ave, Homestead, FL 33035
    5. Robert Morgan Educational Center: 18180 SW 122nd Ave, Miami, FL 33177
    6. Hialeah Gardens Senior High School: 11700 Hialeah Gardens Blvd, Hialeah Gardens, FL 33018

Vaksen disponib tou Jedi, 5/13 ak Jedi, 5/20 ant 12 - 8 pm pou anplwaye, elèv, ak paran M-DCPS ak lekòl endepandan; randevou yo pral kowòdone atravè M-DCPS dirèkteman.    

1. North Miami Senior High School: 13110 NE 8th Ave, North Miami, FL 33161
2. Miami Jackson Senior High School: 1751 NW 36th St, Miami, FL 33142
3. Miami Sunset Senior High School: 13125 SW 72nd St, Miami, FL 33183
4. Hialeah Gardens Senior High School: 11700 Hialeah Gardens Blvd, Hialeah Gardens, FL 33018 - Starts 5/15