News Release Header
For Immediate Release:
March 28, 2011

Media Contact:
Irene D. Ferradaz
[email protected]
786-469-5383



Renouvle kat EASY Card Paspò Dore anba laj 65 an w lan

Kliyan Transit yo genyen jiska 30 avril 2011 pou renouvle EASY Card Paspò Dore yo an


(Miami-Dade County, FL) -- 
Si ou se yon kliyan transit ki gen yon Paspò Dore epi ki poko genyen 65 an daj, tanpri note ke kat EASY Card ou a pral ekspire 30 avril 2011.

Pou w kapab evite enteripsyon nan itilizasyon kat EASY Card Paspò Dore w la, nou ankouraje w renouvle sèvis ou an lè w verifye elijibilite ou pou kontinye pwogram nan anvan 30 avril 2011. Yon fwa renouvle, kliyan yo ap gen dwa kenbe kat EASY Card ki deja nan men yo an epi lap rete valab pou yon lòt ane, jiska 30 avril 2012.

Si ou pa renouvle kat la anvan 30 Avril 2011, kat ou an ap dezaktive epi li pap travay toutotan w pa renouvle li.

Pou renouvle kat ou an, adrès ou dwe ajou epi kòrèk nan sistèm konpitè nou an, epi ou dwe prezante oswa poste dokiman sa yo:

  • Foto idantifikasyon (ID oswa Lisans Kondwi  Eta Florid aktyèl epi valid)
  • Yon fèy enfòmasyon enprime soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal pou verifye kalifikasyon pou kontinye
  • Kat EASY Card Paspò Dore

Pou renouvle an pèsòn, vizite Sant Sèvis Transpò ki sitiye nan dezyèm etaj Gouvernment Center Metrorail Station, Lendi jiska Vandredi, 8 am a 4:30 pm, eksepte jou konje.

Pou renouvle pa lapòs oswa faks:

LAPÒS:  Miami-Dade Transit
               Special Pass Programs
               P.O. Box 01-9005
               Miami, FL 33101

FAKS:  PECIAL PASS PROGRAMS
             305-375-1192

Si w geb nenpòt kestyon sou Easy Card Paspò Dore a, tanpri rele 3-1-1 oswa ale sou www.miamidade.gov/transit.


 

# # #

 

MIAMI-DADE TRANSIT
Overtown Transit Village
701 NW 1st Court, 17th Floor Miami, FL 33136
786-469-5420
Residents South of SW 216 St: 305-891-3131