News Release Header
For Immediate Release:
December 09, 2011

Media Contact:
Karla Damian
[email protected]
786-469-5420



Miami-Dade Transit ap chèche chofè otobis pou travay pattaym

Pòs Chofè Bis yo ofri posibilite karyè ak benefis


(Miami-Dade County, FL) -- 
Miami-Dade Transit ap chèche moun pou aplike pou pòs Chofè Otobis pattaym. Depatman an ap asepte aplikasyon sou entènèt nan www.miamidade.gov/jobs, rive 3 janvye 2012.

Moun ki jwenn travay sa a yo ap touche pandan yo nan trening. Chofè Bis ki nan trening yo ap touche $14.71 pa è, epi yap kontinye gen eksperyans kòm Chofè Otobis pattaym.

Yap esplike aplikan yo benefis Konte Miami-Dade bay yo pandan oryantasyon.

Chofè Otobis yo elijib tou pou aplike pou lòt pòs andedan Miami-Dade Transit - ki va ofri yo chans pou jwenn vanse nan karyè yo andedan pi gwo depatman transpò piblik nan Florid ak 14yèm pi gwo nan Etazini.

Pou yo chwazi yon aplikan, li fèt pou pase yon bakgrawonn tchèk ak yon egzamen medikal, epi li fèt pou gen bagay sa yo:

  • Yon diplom hayskoul oswa diplom GED
  • Yon foto kat didantite, tankou lisans pou kondwi nan Eta Florid
  • Prèv ke yo pase seksyon nan egzamen Lisans Chofè Komèsyal (CDL) la sou Konesans Jeneral, Fren Lèzè (Air-Brake) ak Transpò Pasaje

Moun ki enterese aplike pou pòs Chofè Otobis yo ka jwenn plis enfòmasyon lè yo rele Liy Enfòmasyon pou Travay Konte Miami-Dade la (305) 375-JOBS (5627), oswa lè yo ale nan yon South Florida Workforce One-Stop Career Center. Moun ki pa gen aksè entènèt lakay yo ka ale nan nenpòt bibliyotèk Konte Miami-Dade, kote yo ka itilize yon konpitè ki gen aksè entènèt pou yo konekte a www.miamidade.gov/jobs  pou aplike sou entènèt.


 

# # #

 

MIAMI-DADE TRANSIT
Overtown Transit Village
701 NW 1st Court, 17th Floor Miami, FL 33136
786-469-5420
Residents South of SW 216 St: 305-891-3131