(MIAMI, 25 fevriye 2013) – Si w gen yon Paspò Dore epi w anba laj 65 ane, Miami-Dade Transit ankouraje w renouvle kat w osito posib. Si w renouvle li anvan dat limit 30 avril 2013 la, moun ki gen Paspò Dore yo ka evite kanpe nan long li n e asire ke yo kontinye itilize Paspò Dore yo san entèripsyon.
Pou renouvle kat w, tanpri prezante dokiman sa yo:
- Yon lisans kondwi Eta Florid, oswa, Kat Didantite Florid ki valid epi ki gen adrès lakay w Konte Miami-Dade sou li
- Yon fèy enprime nan Administrasyon Sekirite Sosyal ki ajou, ki verifye kliyan an kontinye elijib
- EASY Card Paspò Dore w la
Moun ki gen Paspò Dore yo kapab renouvle kat yo nan lokal sa yo:
- Biwo Golden Passport Office ki nan Transit Service Center ki akote estasyon Government Center Metrorail la nan 111 NW 1 Street – Dezyèm Etaj, Miami, FL 33128, ouvè lasemèn de 8 a.m. a 4:30 p.m.
- Nenpòt Sant Enfòmasyon 3-1-1 , ouvè lasemèn de 9 a.m. a 4 p.m. (fèmen pou lunch de midi a 1 p.m.) nan lokal sa yo:
- South Dade Justice Center – 10710 SW 211 Street Cutler Bay, FL 33189
- North Dade Justice Center – 15555 Biscayne Boulevard, Miami, FL 33181
- Miami-Dade Permitting Information Center – 11805 SW 26 Street, Miami, FL 33175
Pou renouvle pa lapòs, voye kopi dokiman nesesè yo bay:
Miami-Dade Transit - Special Pass Programs P.O. Box 01-9005 - Miami, FL 33101
Pou renouvle pa imèl, eskane epi imèl tout dokiman nesesè yo nan: [email protected]
Pou renouvle pa faks, fakse dokiman nesesè yo nan: SPECIAL PASS PROGRAMS - 305-375-1192.
Si w gen nenpòt kestyon sou EASY Card Pasò Dore w la, rele 3-1-1 oswa ale sou www.miamidade.gov/transit
|