News Release Header
Pou Piblikasyon Imedya:
Fevriye 27, 2015
Kontak pou Laprès:
Karla Damian

786-469-5420

Irene D. Ferradaz
[email protected]
786-469-5383

Miami-Dade Transit ap chèche Chofè Bis pattaym

Pòs travay pou Chofè Otobis ofri opòtinite pou karyè ak benefis


(MIAMI, 27 Fevriye 2015) Miami-Dade Transit  ap chèche moun pou aplike pou travay pattaym kòm chofè otobis. Depatman an ap asepte aplikasyon sou entènèt nan www.miamidade.gov/jobs, apati mas 2nd nan, 16 mas 2015.

Moun ki anplwaye yo ap gen yon salè pandan yap fè aprantisaj. Pandan peryòd trening lan, Chofè Otobis yo ap touche $14.61 pa è, epi yap kontinye fè eksperyans kòm Chofè Otobis pattaym. Apre yo fin konplete epi reyisi nan pwogram  trening 10 semèn lan, Chofè Otobis yo ap koumanse touche $15.38 pa è.

Y’ap esplike aplikan an benefis Konte Miami-Dade yo pandan oryantasyon.

Chofè Otobis yo elijib tou pou aplike pou lòt pòs andedan Miami-Dade Transit – ki va ofri yo posibilite pou vanse karyè yo andedan pi gwo depatman transpò piblik nan Florid e youn nan pi gwo nan Etazini.

Pou pase nan seleksyon an, aplikan yo dwe pase yon bakgrawon chèk ak egzamen medikal, epi yo fèt pou genyen dokiman sa yo:
• Yon diplòm hayskoul oswa Diplòm Etid Jeneral (GED)
• Yon kat idantififkasyon ak foto sou li, tankou lisan kondwi Eta Florid
• Prèv ke yo te pase nan tès egzamen Lisan Chofè Komèsyal (CDL) la seksyon sou Konesans Jeneral, Fren Van ak Transpò Pasaje
 
Moun ki enterese aplike pou pòs Chofè Otobis yo ka aplike sou entènèt nan www.miamidade.gov/jobs . Enfòmasyon adisyonèl disponib lè w rele liy enfòmasyon pou travay Konte Miami-Dade la nan (305) 375-JOBS (5627), oswa ale nan yon biwo “Careersource South Florida Center”.

Moun ki pa gen entènèt lakay yo ka ale nan nenpòt bibliyotèk Konte Miami-Dade, oswa ale nan biwo pou moun ki anplwaye yo “New Hire Center” ki nan 21èm etaj Stephen P. Clark Government Center nan 111 NW First St. anba lavil Miami, kote yo ka mande anplwaye yo pou èd epi itilize konpitè ki la yo pou jwenn aksè entènèt pou ale sou www.miamidade.gov/jobs epi aplike sou entènèt.

Tanpri note ke gen yon feyè enfòmasyon siplemantè 2015 pou chofè otobis nan trening pattaym ki gen tit angle “Supplemental Bus Operator (Part-Time) Trainee 2015 Informational Handout” k’ap disponib sou lyen Konte Miami-Dade sa-a: http://www.miamidade.gov/humanresources/jobs.asp