Enlace de Prensa:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez bay yon deklarasyon konsènan plis restriksyon kote li anonse fèmti ranp bato ak marina yo

MIAMI ( 21 de Marzo de 2020 )

Efektif imedyatman, tout ranp bato nan pak Konte Miami-Dade ap fèmen jiska nouvèl lòd. Tout marina yo ap fèmen pou tout aktivite bato, avèk eksepsyon amatè lapèch komèsyal ki bay manje pou restoran ak makèt. Anplis de sa, mwen pase lòd pou fèmen tout ranp bato ak marina atravè tout konte a. Depatman Lapolis Miami-Dade ap sou dlo a pou ranfòse dekrè "pa kole bato a" pou anpeche gwo gwoup fè fèt sou dlo a.

Mwen desi anpil pou wè foto ak videyo sou medya sosyal bato kole ansanm ak gwo gwoup moun ki rasanble ansanm. Epi, pou wè afich "ba sou sab" sa a ap sikile nan tout Sid Florid la, se vrèman dekourajan, men sitou inkyétan. Nou nan yon eta dijans, epi mwen pa ka ensiste plis pase sa sou nesesite pou responsabilite pèsonèl. Direktiv aktyèl yo mande pou rasanbleman yo limite a gwoup 10 oswa mwens. Sakrifis sa yo nan lavi sosyal nou enpòtan anpil KOUNYE A pou kapab detwi COVID-19 la. Moun pami ou ki pa swiv direktive sa yo ap mete lòt moun an danje, petèt pwòp fanmi w ak zanmi w. Ou ta ka kontribye nan yon senaryo pi dirab ak plis fèmti nan kominote nou an.

Tanpri ale nan miamidade.gov/coronavirus pou konekte a tout resous ki detaye kijan pou w pwoteje tèt ou ak lòt moun.