Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Carlos A. Gimenez siyen Dekrè Egzekitif ki fèmen Gadri pou Granmoun

Dekrè a pa aplike pou etablisman moun ki pa ka itil tèt yo anyen (Assisted Living Facilities) oswa mezon swen enfimye yo (Nursing Homes), ak anplwaye konte a ki ap travay pou bay sèvis pou granmoun aje.

MIAMI ( Avril 01, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen yon Dekrè Egzekitif jou madi 31 mas 2020 pou fèmen tout gadri pou granmoun epi kanpe tout pwogram ki ap bay sèvis pèsonèl pou granmoun aje nan objektif pou sispann pwopagasyon coronavirus la. Dekrè sa a antre an aplikasyon a 11:59 p.m. vandredi 3 avril 2020.

Dekrè sa a aplike pou tout gadri pou granmoun nan zòn ki pa enkòpore ak zòn enkòpore nan Konte an.

Pèsonèl ki travay nan kote sa yo kapab kontinye operasyon ki pa enplike livrezon sèvis pèsonèl a popilasyon granmoun aje yo.
Fèmti sa yo pa aplike non plis pou etabllisman moun ki pa ka itil tèt yo anyen (Assisted Living Facilities ) jan sa defini nan seksyon 429.02 nan Lwa Florid oswa mezon swen enfimye (Nursing Homes) jan sa defini nan seksyon 400.021 an.

Pèsonèl Konte Miami-Dade resevwa lòd pou yo pran tout mezi apwopriye pou bay granmoun aje yo sèvis pandan dire dekrè sa a. Mezi sa yo ka gen ladan yo acha machandiz ak sèvis, tankou sèvis manje, ekipman pwoteksyon pèsonèl, sèvis livrezon, ak machin refrijere, e latriye san solisitasyon konpetitif jan Dekrè Egzekitif Nimewo 20-52 Gouvènè a ak Deklarasyon Eta Dijans Lokal Konte Miami-Dade la.

Dekrè egzekitif sa a va ede asire sante ak sekirite moun ki gen plis risk pou atrape COVID-19 la, tankou granmoun aje yo ak moun ki deja gen pwoblèm sante, kòm maladi kè, poumon ak maladi respiratwa, dyabèt ak kansè.

Pou mizajou ki pi resan sou sitiyasyon an, ale nan miamidade.gov/coronavirus.