Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade la, Carlos A. Gimenez, konsènan itilizasyon kouvèti twal sou vizaj yo

MIAMI ( Avril 03, 2020 )

Jodi a, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi te bay règleman revize ki sijere ke itilizasyon kouvèti nan twal senp yo va ede ralanti pwopagasyon COVID-19 la. Sa a kapab youn nan pwoteksyon anpil moun ka pran paske menm moun ki pa gen sentòm yo kapab transmèt viris la bay lòt moun.

CDC rekòmande pou mete kouvèti twal nan anviwònman piblik kote li difisil pou kenbe lòt mezi distans sosyal yo, tankou nan boutik ak famasi, espesyalman nan zòn ki gen gwo transmisyon kominotè..

Kouvèti an twal sou vizaj alamòd ki fèt avèk foula oswa ki fèt lakay avèk materyèl komen bon mache kapab sèvi kòm lòt mezi volontè sante piblik.

Sepandan, Kouvèti sa yo ka bay moun ki mete yo yon fo sans sekirite. Kite m ensiste yon lòt fwa ankò ke tout moun - menm lè yo mete yon Kouvèti sou vizaj - ta dwe aji tankou yo ap pote viris la epi pratike distans sosyal, kenbe sis pye distans ak lòt moun.

Distans sosyal enpòtan pou anpeche pwopagasyon COVID-19 la.

Kouvèti vizaj avèk twal yo rekòmande yo, se pa mask pou sèvi nan sal operasyon yo ye oswa respiratè N-95. Sa yo se materyèl enpòtan ki dwe kontinye rezève pou travayè swen sante ak premye sekouris yo, jan direktiv CDC yo rekòmande. CDC a pral fè rekòmandasyon adisyonèl pandan prèv konsènan mezi apwopriye sante piblik yo ap kontinye devlope.

Tout dekrè egzekitif mwen siyen yo gen ladan referans a direktiv CDC yo ak enpòtans pou rete enfòme epi swiv direktiv ki pi resan yo. An patikilye, dekrè egzekitif 10-20, 13-20 ak 17-20 mande distans sosyal epi swiv direktiv CDC nan plas piblik yo ak nan moman vizit oswa travay nan etablisman komèsyal esansyèl ak vant an detay.

Mwen ankouraje tout rezidan Konte Miami-Dade swiv tout direktiv yo pou pwoteje tèt nou ak vwazen nou yo.

Sonje byen, ou pi an sekirite lakay, men si ou dwe ale deyò, ou dwe pratike distans sosyal epi swiv tout rekòmandasyon CDC yo.