Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez
Kòm yon kominote, nou kòmanse gade devan pou sèlman sa ki kapab fè referans a yon "nouvo nòmal." Lavi nou chanje akòz kriz COVID-19 la. Kidonk, alòske nou ap avanse, nou bezwen pran tout prekosyon ki rekòmande, pandan nou toujou konsidere fason nou ap reprann lavi piblik ak biznis tou dousman, men avèk sètitid.
Jodi a, Mèkredi 15 avril 2020, mwen te gen yon reyinyon trè enfòmatif ak pwodiktif sou entènèt avèk ekspè lasante nan Depatman Lasante Florid, Jackson Health System, ak Inivèsite Miami, ak lòt moun ankò, pou fè yon rale sou kondisyon nesesè kòmanse pou leve kèk restriksyon pou pak ak espas ouvè. Gen akò nan mitan yo ki, nan pèspektiv pou amelyore sante mantal ak fizik rezidan nou yo pandan pandemi sa a, li enpòtan pou moun ale deyò epi pran you ti solèy ak fè egzèsis. An menm tan, nou pa planifye pou rekòmanse okenn aktivite deyò jiskaske kondisyon yo bon, dapre rekòmandasyon medikal.
Gwoup Travay Pak ak Espas Ouvè, ki te rankontre jodi a tou, gen ladan ofisyèl eta a, ansanm avèk ofisyèl lokal ak konte Broward, Palm Beach ak Monroe. Children’s Trust, Lig Vil yo, Fondasyon Miyami an, lidè pwogram pak pou timoun, reprezantan endistri bato, lapèch ak golf yo tou fè pati gwoup travay sa a ki, apre jodi a, pral fè kat sougwoup. Chak sougwoup pral gen pwofesyonèl medikal kòm konseye. Yon gwoup pral konsantre sou pak ak ki aktivite yo ka pèmèt ak ki lè. Yon lòt pral konsantre sou marina ak potansyèl aktivite bato sou lanmè ak bè a. Twazyèm gwoup la pral konsantre sou plaj nou yo, pandan yon katriyèm pral konsidere sou golf. Nan chak ka, nou pral toujou ensiste sou distans sosyal. Nou pral egzamine ki mezi estatistik yo dwe satisfè anvan yo rekòmanse kèlkeswa aktivite epi yo pral konsidere ki pòsyon nan restriksyon yo ki dwe rete an plas, tou depann de kondisyon yo.
Jiskela, dekrè egzekitif mwen ki mande pwotokòl sosyal distans ak tout "pi an sekirite lakay" yo pwouve ki yo reyisi bese transmisyon COVID-19 la ak pwoteje sa ki pi a risk yo - moun ki gen plis pase 65 lane ak moun ki gen sèten pwoblèm sante, tankou pwoblèm respiratwa ak kè, dyabèt, obezite ak yon sistèm iminitè ki pa anfòm. Se pou sa mwen vle presize nenpòt dewoulman règ ap fèt avèk TOLERANS ZEWO pou moun ki ale twò lwen. Lapolis Miami-Dade ak lòt ajans yo ap kontinye rete an fòs lè moman an rive. Dekrè distans sosyal a ap toujou rete anplas nan tout etap chanjman yo. Dekrè distans sosyal ta dwe obligatwa nan kèlkeswa senaryo, si e jiskaske ekspè medikal yo di nou otreman.
Nou te anba gwo chanjman nan lavi ak kominote nou an pandan semèn ki sot pase yo. Nou toujou gen yon wout byen long pou nou fè. Men, kòm mwen wè limyè potansyèl la nan tinèl la, mwen envite tout rezidan ak pwopriyetè biznis yo gade nan direksyon limyè avèk mwen. Li ban mwen espwa ke pou kòmanse fè plan sa yo, e mwen vle tout moun santi sa tou. Ankò, mwen pral toujou konte sou ekspè medikal yo pou gide pwosesis sa a, men mwen admèt ke mwen byen kontan ke nou ap planifye pou yon nouvo kòmansman.