Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez ap vizite kiltivatè South Dade yo pou anonse modèl finansman pou distribisyon manj

MIAMI ( Avril 17, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez ap vizite agrikiltè nan South Dade yo pou anonse yon modèl finansman ki pèmèt pwodwi ki kiltive lokalman yo ka vann ak distribye bay bank manje lokal yo.

Plizyè kiltivatè zòn lan va mete ansanm ak Majistra a pou anons ki pral fèt Samdi 18 avril 2020 an, a 8 am, nan 1225 NW Second Street, Homestead.

Estasyon televizyon yo ta dwe fè aranjman pou yon kamera prensipal pou yo chak ka gen aksè a yon bon pozisyon pandan yo ap pèmèt fotograf yo pratike distans sosyal. Manm medya yo, tanpri sonje rete sis pye distans epi mete yon kouvèti vizaj nan evènman an.

Kiyès:
Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez
Kisa:
Konferans pou laprès avèk agrikiltè South Dade yo
Kilè:
Avril 18, 2020 — 08:00 a.m.
Kikote:
Sam Accursio Farms, 1225 NW Second Street, Homestead