Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez siyen Dekrè Egzekitif ki pèmèt restriksyon sou itilizasyon pak, vwa navigab ak teren gòlf yo

Yo pral aplike seryezman règleman pou jwi espas natirèl yo pandan Konte an kòmanse "Pran Direksyon yon nouvo nòmal."

MIAMI ( Avril 27, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen Dekrè Egzekitif 21-20 lendi 27 avril 2020 ki etabli direktiv pou relouvri pak, vwa navigab ak teren gòlf nan tout Konte an. Dekrè sa a pral antre an aplikasyon a 6 a.m mèkredi, 29 avril 2020.

Tout règleman nan Dekrè Egzekitif 21-20 yo te devlope an konsiltasyon avèk ekspè nan Depatman Sante Florid, Jackson Health System, U-Health ak lekòl medsin nan Inivèsite Entènasyonal Florid ak Inivèsite Miami ansanm ak kominote kotyè lokal yo, Lig Vil Konte Miami-Dade ak ofisyèl nan konte Broward, Monroe ak Palm Beach pou asire yon efò kowòdone nan tout rejyon an.

Yo prall fè aplike seryezman tout nouvo règleman yo, kidonk anvan ou ale nan nenpòt lokal sa yo, li detay Dekrè Egzekitif 21-20 an. Pou lòt mizajou, ale nan miamidade.gov/coronavirus oswa nan paj "New Normal" nan miamidade.gov.