Kontak pou Laprès:
Navy Flight Demonstration Squadron
[email protected]
850-452-3710

Blue Angels pou salye Sekouris COVID-19 Florid yo

MIAMI ( Me 07, 2020 )

Eskadwon Demonstrasyon Vòl Marin Etazini, Blue Angels, pral onore premye sekouris ki devan nan batay kont COVID-19 la ak travayè esansyèl yo avèk vòl fòmasyon sou Jacksonville ak Miami nan dat 8 me.

"Inisyativ America Strong lan se yon fason pou Blue Angels montre apresyasyon pou plizyè milye enfimyè, doktè, ponpye, anplwaye nan boutik, pèsonèl militè ak lòt moun ki nan premye ranje batay kont pandemi an". Se sa Brian Kesselring, kòmandan ak lidè vòl US Navy Blue Angels yo te di. "Sa se opòtinite pou salye chak Ameriken ki nan batay kont COVID-19 la."

Yon fòmasyon sis F/A-18C / D avyon Hornet pral fè vòl sa yo kòm yon salitasyon nan tèt ansanm pou travayè sante, premye sekouris, militè, ak lòt pèsonèl esansyèl pandan yo kanpe an solidarite ak tout Ameriken pandan pandemi COVID-19 la.

Rezidan ki sou chemen vòl la ka gen yon ti moman bri avyon pandan yo ap pase anlè a, avèk yon bèl espektak sis avyon pèfòmans ki ap vole ak bonjan presizyon.

Vòl sou tèt Jacksonville yo ap kòmanse a 11:40 a.m. epi yo ap dire apeprè 20 minit.

Vòl sou tèt Miami yo ap kòmanse a 1:00 p.m. epi yo ap dire apeprè 25 minit. Moun ki rete nan zòn sa yo yo pral kapab wè yo pandan yo an sekirite an karantèn. Yo ta dwe kenbe tout direktiv distans sosyal pandan evènman sa a. Yo ta dwe tou evite fè gwo soti nan gwo espas, lopital ak rasanble nan gwo gwoup pou wè demonstrasyon an.

Yo va pibliye yon wout detaye vòl yo yon jou anvan demonsatrsyon avyon yo. Ekip yo ap renmen ak ankouraje espektatè yo pou tag ekip la nan @USNavyBlueAngels sou Facebook ak Instagram, ak @BlueAngels sou Twitter. Demonstrasyon an sou medya sosyal ak hashtag #AmericaStrong ak #Inthistogether.

Pou imaj America Strong yo, vizite, https://www.dvidshub.net/feature/americastrong.  Pou plis enfòmasyon sou Blue Angels, vizite www.blueangels.navy.mil.