Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

COVID-19 tès disponib kounye a pou tout moun ki gen 12 ane oswa plis nan de (2) sit

Moun nan tout konte a pa bezwen santi sentòm yo pou yo fè tès la

MIAMI ( Me 08, 2020 )

Konte Miami-Dade ap kontinye ogmante opsyon pou fè tès coronavirus nan elaji kritè yo pou pèmèt plis jèn fè tès.

Apati samd, 9 me 2020, nan de sit tès nan machin nan Konte a tout moun ki gen 12 ane oswa plis ka fè tès, epi yo pa bezwen gen sentòm yo. Moun ki poko gen 17 yo dwe gen apwobasyon paran yo.

Nouvo limit laj sa a aplike pou sit ki nan Tamiami Fairgrounds ak South Dade Government Center.

Limit laj 18 ane a toujou aplike nan sit tè nan machin ki nan Marlins Park la ak sit tès mache antre ki nan Holy Family Catholic Church nan North Miami an.

Pou tout sit Konte yo, moun pa bezwen gen okenn sentòm ankò pou yo ka fè tès la.

Tout sit tès ki sou kont Konte an kontinye egzije yon randevou, ki ka fèt pou jou apre a lè w rele nan 305-499-8767.

Anplwaye ki sou sit ki sou kont Konte a kapab sèlman teste moun ki gen randevou.

"Mwen ankouraje tout moun pran avantaj nouvo opsyon pou tès COVID-19 nan Konte nou an", se sa Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te di. "Menm moun ki santi yo byen kapab transpòte viris sa a, kidonk nou tout dwe fè tout sa nou kapab pandan nou ap Pran Direksyon yon Nouvo Nòmal pou nou sèten ke 'Mwen Kenbe w an Sekirite, Ou Kenbe m an Sekirite."

Pou lòt mizajou sou COVID-19 la, ale nan miamidade.gov/coronavirus.