Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Sit tès COVID-19 yo fèmen tanporèman akòz move tan

Pou sekirite rezidan yo, tout sit tès eta ak konte yo fèmen jiska lendi 18 me

MIAMI ( Me 15, 2020 )

Pou swiv direktiv Divizyon Jesyon Dijans Florid pou asire sekirite tout rezidan, Konte Miami-Dade fèmen tanporèman tout sit tès COVID-19 Eta ak Konte akòz yon sistèm bas presyon ki afekte rejyon an nan fen semèn sa a.
Sit yo ap fèmen jodi vandredi 15 me an, epi yo va relouvri lendi 18 me. Pou detay sou fèmti espesifik, tanpri gade miamidade.gov/coronavirus.

Sistèm bas presyon an ap deplase soti nan Florida Keys nan direksyon nò bò lanmè kòt lès Florid, avèk previzyon pou gro van jiska 40 mil alè, zeklè avèk posibilite pou tanpèt avèk loraj ak gwo lapli. Kondisyon sa yo ka entansifye lannwit vandredi 15 me, epi nou pa espere yo ap gaye jiska byen bonè nan dimanch 17 me.

Pou plis enfòmasyon ak yon lis konplè sit tès COVID-19 Konte Miami-Dade, tanpri ale nan miamidade.gov/coronavirus.