Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Twous Retounen-nan-Biznis la ede antreprenè yo relouvri boutik

Konte a ofri twous materyèl avèk ekipman esansyèl pou pwoteksyon pèsonèl

MIAMI ( Me 17, 2020 )

Lendi 18 me 2020 make premye jou reouvèti kèk biznis ki pa esansyèl pandan Konte Miami-Dade ap kontinye "Pran Direksyon Noouvo Nòmal la" apre yo te fèmen pou COVID-19 la.

Pou ede ti biznis yo kanpe ak kouri, Konte Miami-Dade ap ofri yo Twous Retounen-nan-Biznis la avèk Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl pou ede antreprenè yo pandan yo ap travay pou konfòme yo avèk nouvo estanda sante ak sekirite piblik ki nan Gid Nouvo Nòmal Konte an.

Twous demaraj sa yo fèt pou òganizasyon fanmi ki gen 10 anplwaye oswa mwens.

Twous Retounen-nan-Biznis yo ap disponib pou premye vini, premye sèvi jiskaske yo fin bay tout konpayi ki te enskri davans yo epi ki satisfè sèten kondisyon debaz, tankou resi taks brit ki gen mwens pase $ 250,000.

Pou aprann plis epi aplike, klike isit la.

Li Gid Nouvo Nòmal a, ki detaye pou chak kalite biznis, klike isit la.