Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez ak kominote kotyè yo fikse dat pou relouvri plaj yo

MIAMI ( Me 22, 2020 )

Vandredi, 22 me 2020, Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez ak manm ekip li te fè yon rankont sou entènèt avèk majistra ak administratè vil tout minisipalite bò lanmè Konte Miami-Dade yo pou diskite sou reouvèti plaj yo ak ekspansyon akomodasyon envite otèl ki pa kliyan esansyèl. Majistra Gimenez ak lidè minisipal yo te dakò pou yon dat sib ki se 1ye jen.

Administratè vil yo va rankontre avèk anplwaye Konte a ak ekspè medikal yo nan semèn lan pou kreye règleman ki ta nesesè pou relouvri plaj yo san danje epi an sekirite ak tout ekspansyon akomodasyon otèl yo. Gwoup la va rankontre ankò avèk Majistra Gimenez madi pou fè yon kout je sou pwopozisyon plan an. Nou va kontinye enfòme kominote a sou pwogrè ki fèt nan diskisyon sa yo.