Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Direktiv reouvèti plaj yo prevwa anvan dat sib 1ye jen an

MIAMI ( Me 26, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te fikse dat sib pou relouvri plaj yo nan dat premye jen 2020.

Kèk nan direktiv reouvèti yo va gen ladan sa ki annapre yo:

-Pa gen okenn gwoup ki gen plis pase 10 moun.

-Tout moun dwe sis pye apa pou pratike distans sosyal.

-Si yo pa kapab pratike distans sosyal, gwoup yo dwe mete mask.

- Moun ki nan menm kay pa bezwen mete mask sou plaj eksepte lè yo nan twalèt ak konsesyon.

-Tout moun dwe gen mask sou la men pou yo mete lè sikonstans yo prezante.

Aktivite yo pèmèt ap gen ladan mach ak djògin, natasyon ak navigasyon, planch a pedal ak kayak, bronze sou chèz oswa sèvyèt ke yo posede endividyèlman, ak manje ak manm nan menm kay la.

Pa gen aktivite òganize, gwoup oswa aktivite atletik ki enplike gwoup kèlkeswa gwosè yo ki va otorize, pa egzanp volebòl, foutbòl ameriken, foutbòl, Frisby.

Majistra Gimenez, ansanm ak majistra ak administratè vil yo nan minisipalite bò lanmè yo, ak ekspè medikal yo ap fè revizyon final sou rekòmandasyon yo. Yon fwa sa yo devni direktiv ofisyèl ki pral aplike, yo va pibliye epi distribye.