Kouvrefe deklare pou Konte Miami-Dade
Apre yon deklanchman vyolans, Majistra Carlos A. Gimenez siyen Dekrè Egzekitif pou kouvrefe kòmanse samdi 30 me 2020 an
Samdi 30 me 2020, Majistra Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen yon Dekrè Egzekitif pou etabli yon kouvrefe ki anvigè imedyatman nan tout konte a.
Kouvrefe sa a kòmanse a 10 p.m. pou 6 a.m chak jou. Minisipalite ki nan Konte Miami-Dade ka gen kouvefe ki pi sere pase sa, kidonk rezidan yo ta dwe tcheke dekrè egzekitif nan vil yo.
Pandan kouvrefe sa a, moun yo pa otorize nan okenn lari oswa twotwa pou kèlkeswa rezon. Sèl moun ki otorize nan zòn sa yo se lapolis, ponpye, premye sekouris, ak sèvis medikal, pèsonèl swen sante ak sèvis reparasyon itilite, ansanm ak moun ki ap pwonnen chen yo a 250 pye de lakay yo.
Majistra Gimenez te di: "Avèk yon kè sere, mwen te bay yon dekrè kouvrefe nan tout konte a pou pwoteje lavi 2.8 milyon rezidan nou yo apre deklanchman vyolans nan kominote nou an jou 30 me a, ki gen ladan boule machin lapolis nan estasyon lapolis Miami. Atravè nasyon nou an, manifestasyon te fèt nan lapè an repons a lanmò tèrib Floyd George. Pandan ke mwen sipòte manifestasyon pezib ak tout kè m, ap genyen zewo tolerans pou anachi nan Konte Miami-Dade."
Majistra Gimenez te di: "Mwen ap di sa klè, lajistis dwe rann. Men, revòlt ak piyaj pap regle anyen. Aksyon ilegal sa yo sèlman pote plis doulè ak soufrans. Vyolans pa janm repons lan. Nou tout dwe kanpe kont enjistis, men nou dwe fè sa pasifikman."
Pou li dekrè egzekitif la, Klike isit la.