Transpò Miami-Dade ap rekòmanse sèvis lendi 1ye jen
Depatman Transpò ak Travo Piblik (DTPW) pral restore tout sèvis Transpò Miami-Dade jou lendi 1ye jen, pandan yo ap kontinye kontwole sitiyasyon aktyèl la. Pandan evènman yo ap evolye, ajisteman kapab fèt. Nan moman sa a, Metrorail, Metromover, ak Metrobus ap retounen prèske nan Orè Nouvo Nòmal a demen.
Pandan desizyon ap pran, nou pral pataje nouvo ajisteman yo ak kominote a. Nou ankouraje pasaje transpò piblik yo swiv DTPW sou medya sosyal, telechaje aplikasyon Go Miami-Dade Transit, oswa enskri pou Transit Alerts pou yo kapab resevwa dènye enfòmasyon sou sèvis Transpò Miami-Dade.
Sèvis Metrorail ak Metromover yo pwograme pou opere ant 5 a.m. ak 10 p.m. ak Metrobus pral kòmanse a 4:30 a.m. Sèvis siplemantè lannwit lan, Go Nightly, pou wout Metrobus ki deziyen, pral reprann tou nan aswè lendi 1ye jen an.
Apati 31 me 2020, Konte Miami-Dade te enpoze yon kouvrefe soti 9:00 chak swa rive 6:00 chak maten jiskaske li anile. Travayè Esansyèl yo egzante de kouvrefe a pou ale nan ak soti nan travay oswa fè obligasyon travay yo.
DTPW kontinye travay nan tèt kole avèk otorite lokal ki la pou fè respekte lalwa yo pou asire ke yo bay sèvis transpò piblik san danje. Sekirite pasaje ak anplwaye yo rete yon pi gwo priyorite depatman an.