Kontak pou Laprès:
Luis Espinoza
[email protected]
305-992-8122

Deklarasyon konsènan sèvis ki soti nan Transpò Miami-Dade

MIAMI ( Me 31, 2020 )

Sèvis Transpò Miami-Dade yo te sispann akoz twoub vyolan ki te fèt nan Konte Miami-Dade jou samdi 30 me a. Pa prekosyon, ak pou sekirite pasaje ak anplwaye nou yo, nou te pran desizyon an pou sispann sèvis yo jou dimanch 31 me a.

Depatman Transpò ak Travo Piblik (DTPW) ap travay nan tèt kole avèk otorite lokal ki la pou fè respekte lalwa yo pou asire ke sèvis transpò a kapab reprann san danje. Nou va bay plis detay sou sèvis Transpò Miami-Dade pou lendi 1ye jen an, lè gen plis enfòmasyon ki disponib aswè a.