Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, ap chèche onore manifestan ki te sispann posib piyaj anba lavil Miami

MIAMI ( Jen 01, 2020 )

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez anonse lendi ke li vle rankontre ak felisite manifestan ki te kenbe lòt manifestan pou yo pa antre nan CVS anba lavil Miami.

Nenpòt moun ki ka idantifye moun ki responsab pou kenbe lapè pandan yo te ap egzèse dwa pou yo rasanble ak manifeste kòrèkteman, tanpri kontakte biwo Majistra a atravè medya sosyal sou paj Facebook Majistra Carlos A. Gimenez, oswa sou Twitter @mayorgimenez.