Kontak pou Laprès:
Annika S. Holder
[email protected]

Sèvis Manje Dijans Tanporè Konte Miami-Dade pou granmoun aje yo va sispann enskripsyon 6 jen 2020

Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Imen ap kontinye ede granmoun aje ki kalifye pou Meals on Wheels, SNAP ak lòt pwogram eta a ak pwogram federal pandan sèvis manje tanporè Konte an ap kanpe 15 jiyè 2020

MIAMI ( Jen 05, 2020 )

Nan dat 16 mas 2020, Konte Miami-Dade te lanse yon pwogram manje dijams tanporè pou granmoun aje nan yon efò pou ede rezidan granmoun yo rete an sekirite lakay yo epi pwoteje gwoup ki pi frajil sa a kont pandemi COVID-19 la. Pwogram ki sove lavi sa a livre plis pase 5.1 milyon repa depi kòmansman l. Kounye a, nan 12yèm semèn li, pwogram dijans lan pral kòmanse bese ba, epi Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Imen (CAHSD) ap ede granmoun aje ki nan bezwen yo kontinye resevwa manje nan divès pwogram eta a ak federal.

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te di : “Youn nan premye etap mwen te pran pandan pandemi COVID-19 la se te fèmen sant kominotè yo ki gen ladan 21 sant kominotè Konte a pou pwoteje granmoun aje yo, ki gen plis risk pou yo soufri grav pwoblèm sante si yo pran viris la. Sant sa yo bay manje pou granmoun aje, nou aji imedyatman pou livre manje bay granmoun aje sa yo ak nenpòt granmoun aje nan kominote nou an ki bezwen manje pou asire ke yo rete pi an sekirite nan lakay ak an sante.

"Jodi a, mwen kontan rapòte ke pwogram sa a te yon siksè fòmidab, epi li te sove lavi," Gimenez te ajoute. "Kounye a ke pifò nan biznis nou yo ap fonksyone ankò dapre nouvo règleman Nouvo Nòmal nou yo e nou kontinye ap bese firè viris la, nou pral fè tranzisyon granmoun aje ki ap resevwa sèvis nan men pwogram dijans Konte sa a ale nan ajans federal ak eta ki apwopriye."

Aktyèlman, pwogram dijans manje pou granmoun aje a ap sèvi 82.412 rezidan Konte ki gen laj 60 ane ak plis. Konte Miami-Dade te depanse apeprè $51 milyon jiskela nan mezi dijans sa a.

Majistra Adjwen Maurice Kemp ke Majistra Gimenez te mete sipèvize kreyasyon pwogram lan te di, "Mwen trè fyè ke nou te kapab bay sèvis sove lavi sa a nan yon ti tan." Te gen 114,000 rezidan ki rele Sant Kontak 311 Konte a pou chèche manje pandan twa dènye mwa yo.

Travay ak Depatman Timoun ak Fanmi nan Florid, CAHSD pral ede granmoun aje ki nan bezwen pou aplike pou Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP) ak eta a oswa pwogram federal yo ka bezwen anvan pwogram manje dijans la fini 15 jiyè 2020. Bibliyotèk Piblik Konte Miami-Dade ap gen aplikasyon SNAP ki disponib tou pou rezidan yo. Yo ka ranpli aplikasyon sou papye oswa antre sou òdinatè bibliyotèk yo pou aplike. Rezidan yo kapab aplike tou sou entènèt nan myflorida.com/accessflorida oswa lè yo rele nan 866-762-2237 (TTY 1-800-955-8771).

Rezidan ki enskri nan Medicaid Managed Long-Term Care ap rekonekte avèk founisè yo tou pou rekòmanse tout sèvis anvan yo.

Lucia Davis-Raiford, direktè CAHSD te di: "Sèvi kominote a se misyon fondal natal CAHSD, epi angajman kontinyèl anplwaye nou yo pou fè efò sa a yom siksè touche m anpil,"

Sant kominotè granmoun yo ap rete fèmen nan moman sa a. Sepandan, tout rezidan yo ki te resevwa manje sa yo anvan pandemi an ap kontinye resevwa livrezon lakay yo atravè Meals on Wheels oswa lòt pwogram.